Loading...

Kisa ki lakòz kansè tout bon?
Epi kisa ki pa lakòz kansè?

Anpil moun gen enkyetid sou bagay yo ka rankontre an kontak ki ka lakòz kansè. Gen kèk nan nou ki ale sou rezo sosyal, fè rechèch sou entènèt, epi pale avèk zanmi oswa fanmi pou jwenn enfòmasyon. Men li kapab difisil pou konnen ki enfòmasyon ki fyab ak ki enfòmasyon ki bay verite.

Misyon nou

FactFinder a bay enfòmasyon ki egzak epi ki fyab sou sa ki bay kansè ak sa ki pa bay kansè. Nou fè sa pandan nou fè rezime pi bon enfòmasyon syantifik ki baze sou prèv ki disponib epi ki soti nan etid ki fèt sou moun, epi nou pataje rechèch sa a avèk piblik la.

Jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis nou an

Chèche Factfinder

FactFinder gen plizyè deklarasyon sou kisa ki lakòz kansè, epi li montre sa ki verite ak sa ki mit sou sa ki lakòz kansè tout bon.

Ale sou fè rechèch sou FactFinder

Ou kapab wè tout deklarasyon yo epi filtre yo pa tèm rechèch sou FactFinder.
Oswa ou kapab gade yo pa kategori:

Poukisa li difisil konsa pou detèmine kisa ki lakòz kansè?

Li kapab difisil pou jwenn enfòmasyon sou sa ki bay kansè ak sa ki pa bay kansè—menm pou ekspè yo—pou plizyè rezon:

Enfòmayon yo chanje.

Li kapab fè w twouble lè w tande yon bagay kapab lakòz kansè yon jou, epi nan demen ou tande li pa bay li. Men sa kapab yon bon bagay! Enfòmasyon yo chanje souvan paske lasyans aprann yon bagay ki nouvo, epi rechèch la pi bon pase jan li te ye anvan an.

Jwenn plis enfòmasyon
Graphic showing two documents
Graphic showing line graph on whiteboard

Lasyans mache tipa tipa.

Gen anpil enfòmasyon sou kisa ki kapab lakòz kansè ki fyab, men nou raman jwenn enfòmasyon nou ap chèche yo sou yon sèl sit ki bay yon repons ki senp, klè ak definitif. Jeneralman lasyans avanse piti piti, epi souvan li pran plizyè ane pou syantifik yo jwenn yon akò sou relasyon ki lakòz la. Pou kèk ka, nou toujou poko rive oswa nou sèlman gen yon pati nan repons lan. FactFinder a mete dat sou enfòmasyon li yo, konsa ou kapab di si gen yon bagay ki la lontan, epi nou kapab fè mizajou ladan l avèk nouvo enfòmasyon epi montre sa ki resan.

Jwenn plis enfòmasyon

Fo enfòmasyon yo soti tout kote.

Nenpòt moun kapab di yon bagay lakòz kansè oswa pa lakòz kansè, menm si deklarasyon an baze sou yon bagay oswa menm si li pa baze sou anyen. Souvan enfòmasyon sa yo pa gen yon move entansyon men yo baze sou yon konpreyansyon ki pa konplè oswa sou yon enfòmasyon ki bay an pati. Laperèz souvan mache avèk fo enfòmasyon epi li fè moun fè plis ankèt, pandan gen lòt moun ki panike.

Menm si nou kapab konprann enkyetid la, anpil fwa deklarasyon an fèt san li pa baze sou sa k pase. Lè enfòmasyon an pa klè ak egzak li kapab lakòz yon laperèz ak enkyetid ki pa nesesè. Pou pi grav, yon moun kapab fè yon rejim alimantè, chwazi yon fason pou viv, oswa fè lòt chwa ki kapab gen konsekans ki danjere pou sante l. Se poutèt sa li enpòtan anpil pou moun jwenn enfòmasyon ki egzak epi ki fyab.

Jwenn plis enfòmasyon
Graphic showing numerous digital devices

Sa ki konsène nou

Pou kreye sit sa a nan yon patenarya avèk Sant pou Ekite ak Angajman pou Kansè ki nan Dana-Farber/Harvard Cancer Center, gen yon ekip ekspè ki soti nan akademi ak nan kominote a ki egzaminen rezime prèv syantifik ki soti nan etid ki fèt sou moun konsènan sa yo wè ki gen lyen avèk risk pou kansè.

Jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis nou an
Rankontre ekip nou an
Kòman nou deside kisa nou dwe kwè?
Gade sous enfòmasyon nou pi renmen yo