Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Loril silfat sodyòm (nou jwenn nan plizyè chanpou) lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè ou lave tèt ou ak pwodui ki gen SLS li lakòz kansè.

Kisa lasyans di nou

SLS se yon ajan pou netwaye ak yon sifraktan yo itilize nan plizyè swen pèsonèl ak pwodui pou netwaye.

Prèv Epidemyolojik

Menm si SLS la ka lakòz iritasyon je (oswa domaj nan je lè li nan yon kantite ki ase elve) ak iritasyon po lè li poukont li, pa gen prèv ki montre loril silfat sodyòm lan lakòz kansè. Gen plizyè gouvènman ak ajans entènasyonal tankou, Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (IARC), Pwogram Nasyonal Toksikoloji (NTP) nan Etazini, California Proposition 65 List of Carcinogens, Ajans pou Pwoteksyon Anviwònman nan Etazini, ak Inyon Ewopeyèn ki konfime l (Bondi ak lòt.).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen plizyè etid ki fèt nan laboratwa sou sourit ki montre siy iritasyon po, men yo pa t montre efè ki sou kansè lè li ekspoze ak loril silfat sodyòm (Rovira ak lòt.).

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase

Fason pou diminye risk

Menm si SLS la pa lakòz kansè, pou evite iritasyon po oswa iritasyon ekspè yo sijere pou nou pase nan pwodui ki pa gen pwodui chimik sa yo. Gen plizyè sit entènèt tankou pa Environmental Working Group la Skin Deep Database oswa MADE SAFE, ki evalye nivo sekirite ki gen nan engredyan ki nan pwodui nou itilize kòm swen pèsonèl nou; sit entènèt sa yo pibliye lis pwodui ki gen chak kalite pwodui chimik.

Chanpou ki pagen SLS la make aklè sou etikèt la epi nou kapab jwenn li nan nenpòt makèt oswa famasi. Yon dèmatològ epi/oswa yon famasyen kapab ede w chwazi pwodui ki pa gen pwodui chimik ou ta renmen evite yo.

Sa nou dwe kenbe

SLS la pa lakòz kansè, men gen plizyè platfòm ki bay enfòmasyon ak pwodui ki kapab ranplase yo si pwodui chimik la lakòz iritasyon zye ak po.

Bondi et al.: Human and Environmental Toxicity of Sodium Lauryl Sulfate (SLS) (Bondi ak lòt.: Toksisite lakay moun ak nan anviwònman Loril Silfat Sodyòm lan (SLS))
Environmental Working Group (EWG): Baz done Skin Deep (Gwoup ki ap Travay sou Anviwònman (EWG): Skin Deep Database)
MADE SAFE
Snopes: SLS and Cancer (Snopes: SLS ak Kansè)

Nou te pibliye l:

9 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022