Zouti ki pou ede ou deside ki enfòmasyon ki verite ak ki enfòmasyon ki pa verite

Gen enfòmasyon sou kansè ki disponib nan plizyè sous. Kòman ou kapab deside kisa ki verite ak kisa ki pa verite? Souvan li konn difisil pou konnen ki enfòmasyon ki verite, ak ki sous enfòmasyon nou kapab fè konfyans. Men kèk zouti nou itilize pou deside si enfòmasyon nou jwenn yo fyab.

Evalye enfòmasyon nou jwenn sou entènèt

Pou anpil nan nou rezo sosyal ak lòt sous sou entènèt se resous ki gen valè epi yo pèmèt li fasil pou jwenn repons ak kesyon nou yo. Men yon rezime ki bay avantaj ak dezavantaj ki genyen lè nou itilize entènèt pou jwenn enfòmasyon sou sante nou:

Fè pwòp verifikasyon

Kòman ou kapab triye pil enfòmasyon sa yo epi chwazi sa ki egzak epi fyab la? Men kèk etap ou kapab konsidere:

Li pi lwen pase tit la: Li tout atik la pou w kapab wè kisa atik la di tout bon. Pa kouri kwè nan tit ki dramatik epi ki kapab choke.

Verifye:

Kiyès ki ekri l?
Èske otè a gen kalifikasyon, epi èske nou konn repitasyon l? Ki lòt travay li ap fè? Kiyès ki peye l? Èske li ap eseye vann yon bagay?

Kiyès ki pibliye l?
Èske esponnsò enfòmasyon an se yon moun nou konnen epi nou kapab fè konfyans? Èske enfòmasyon an sòti nan yon konpayi ki pa la pou fè pwofi? (Gade nan lis ki bay sous ki fyab yo)

Èske se yon verite oswa yon opinyon?
Èske otè a gen ekspètiz ki legal nan domèn lan? Èske li prezante done oswa èske atik la santre sou opinyon? Èske li site sous ki fyab? (Gade nan lis ki bay sous ki fyab yo)

Èske atik la resan?
Atik ki pa resan yo ka gen enfòmasyon ki pa ajou. Si ou pa sèten, chèche atik ki pi resan.

Èske se yon fwod?
Èske enfòmasyon an mennen w sou sit yon twazyèm pati? Èske yo mande w pou ou achte yon bagay oswa pou ou bay enfòmasyon pèsonèl? Èske se yon piblisite ki esponnsorize oswa èske se yon piblisite?

Verifye de (2) fwa: Verifye deklarasyon ki gen nan atik la pandan ou ap chèche yon dezyèm sous enfòmasyon ki endepandan epi ki fyab. (Gade nan lis ki bay sous ki fyab yo)

Estil ekriti: Pa dwe gen erè gramatikal oswa fot òtograf. Sa ki ekri a dwe gen yon estil ki klè epi li dwe revize yon fason pwofesyonèl.

Lis verifikasyon CARE

Lis verifikasyon CARE la se yon lòt fason pou detèmine ki sous ki fyab ak ki sous ki pa fyab:

Fè CARE (ATANSYON) lè ou ap gade enfòmasyon yo: