Menm si gen move enfòmasyon ki ap sikile sou entènèt lan, gen sous enfòmasyon fyab sou kansè nou kapab fè konfyans. Men kèk nan yo nou pi renmen:

American Cancer Society (Sosyete Ameriken pou Kansè)

Centers for Disease Control and Prevention (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi)

American Associated for Cancer Research (Asosyasyon Ameriken pou Rechèch sou Kansè)

American Associated for Cancer Research (Asosyasyon Ameriken pou Rechèch sou Kansè)

Cancer Research UK (Rechèch sou Kansè nan Wayòm Ini)

Dana-Farber Cancer Institute

International Agency for Research on Cancer (Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè)

National Cancer Institute (Enstiti Nasyonal pou Kansè)

National Institute for Environmental Health Sciences (Enstiti Nasyonal pou Syans Lasante Anviwònmantal)

Silent Spring Institute

Union for International Cancer Control (Inyon Entènasyonal pou Lit kont Kansè)

World Cancer Research Fund (Fon Mondyal pou Rechèch sou Kansè)

Ekspozisyon, pwofesyon ak lòt faktè ki gen rapò ak kansè

Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (IARC) detèmine si gen ekspozisyon, konpoze, nitriman, pwofesyon ak lòt ekspozisyon ki kapab lakòz kansè. Li divize ekspozisyon ki gen chans pou bay moun kansè an gwoup ki baze sou fòs prèv syantifik yo.

Sistèm evalyasyon IARC a diferan ak sa ki prezante nan Cancer FactFinder paske li konsidere yon egzamen syantifik ki fèt sou ekspozisyon ak pwofesyon espesifik, pandan FactFinder li menm konsantre sou yon kantite sijè ki pi piti ki ka enterese piblik la an jeneral, li gen ladan l sijè ki ka reprezante enfòmasyon ki pa kòrèk.

Enfòmasyon IARC bay la ka difisil pou piblik jeneral la konprann, men li reprezante pi bon prèv ki disponib pou detèmine si yon faktè risk oswa yon ekspozisyon gen rapò ak kansè oswa si li pa gen rapò ak kansè. Pifò sijè IARC a etidye pa sou FactFinder.

Si ou ekspoze ak nenpòt bagay ki sou IARC ki gen chans pou lakòz kansè, sa pa vle di ou ap gen kansè. Li sèlman vle di gen prèv ki montre ou ka gen yon risk ki pi elve pou gen kansè, nou pa sèten si ekspozisyon an kapab lakòz kansè, epi gen plis kansè nou gen chans pou wè lakay popilasyon ki ekspoze yo. IARC pa gen yon kategori pou “ki pa lakòz kansè yon fason definitif,” men ajans lan note lè yo byen etidye yon pwodui chimik san yo pa jwenn prèv ki lakòz kansè.

Jeneralman, nou panse ekspozisyon yo lakòz youn (1) oswa plizyè kalite kansè espesifik. Pa egzanp, pa gen okenn dout lè yon moun fimen sigarèt li kapab lakòz kansè poumon, pou rezon sa a konsomasyon tabak nan “Gwoup 1” kòm “pwodui ki kapab lakòz moun gen kansè”

Gen kèk bagay ki nan lis la ki se ekspozisyon nou tout te konnen: Pa egzanp, nou konnen ekspozisyon ak solèy la lakòz kansè po epi IARC klase l nan Gwoup 1. Sepandan, gen kèk ekspozisyon ak solèy ki kapab gen avantaj (pa egzanp pou jwenn ase vitamin D), epi gen avantaj sou sante tou lè yon moun rete nan solèy pou fè egzèsis. Pou rezon sa a, gwoup IARC yo pa bay rekòmandasyon: yo pa di nou si kèk ekspozisyon oswa kilè kèk ekspozisyon limite ak bagay ki nan lis la ka NÒMAL, oswa fason nou kapab fè chwa nou yo pou gade risk ak avantaj ki genyen lè nou ekspoze.