Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Chanpou ki gen fòmaldeyid kapab lakòz kansè
Sa ou ka tande
Chanpou ki gen fòmaldeyid se yon pwodui ki bay kansè.
Kisa lasyans di nou
Anpil pwodui pou pran swen cheve, tankou chanpou ak pwodui pou mete san w pa rense (leave-in), gen fòmaldeyid oswa lòt varyasyon, tankou fòmòl ak metilèn glikòl. Lè pwodui sa yo chofe, fòmaldeyid la libere nan lè a tankou yon gaz. Sa kapab fèt pandan ou ap seche, lise, oswa pandan ou ap mete bouk nan cheve a.
Fòmaldeyid la se yon gaz ki san koulè epi ki gen gwo sant ki reprezante yon risk pou sante a lè nou respire l.
Dapre Enstiti Nasyonal pou Kansè lè kantite fòmaldeyid ki gen nan lè a plis pase 0.1 pati pa milyon (ppm), men kèk efè li genyen sou sante a, je ki ap koule dlo; sansasyon kote ou santi je w, nen w ak gòj ou k ap boule, ou ap touse; ou ap respire mal; ou gen kè plen; epi ou gen iritasyon sou po w (NCI).
Po ki sansib oswa yon dèmatit alèjik ki kapab devlope apre ou ekspoze yon fason ki repete ak engredyan ki gen fòmaldeyid, epi lè li libere nan lè a, li kapab lakòz iritasyon zye, nen, ak poumon (NCI).
Pi plis (ak plis tan) ou ekspoze ak fòmaldeyid, se plis risk pou kansè a vin pi elve. Pa egzanp, si lè pa byen rantre nan yon estidyo bote, ni pwofesyonèl ki ap travay nan estidyo bote a ni kliyan yo gen risk pou respire fòmaldeyid ki libere a (FDA). OSHA te pibliye yon alèt Hazard pou pwopriyetè ak moun k ap travay nan estidyo bote konsènan chans ki genyen pou yo ekspoze ak fòmaldeyid epi yo te fikse yon estanda (29 CFR 1910.1048) ki limite ekspozisyon ki admèt nan lè a.
Prèv Epidemyolojik
Plizyè etid ki fèt sou moun pou fòmaldeyid sijere lè yon moun ekspoze pandan yon peryòd ki long li kapab lakòz kansè ematolenfopoyiyetik li gen ladan l lesemi ak lenfom(Swenberg ak lòt.)
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Gen plizyè etid ki fèt nan laboratwa ki te gen modèl rat tou, te konkli lè yo ekspoze pandan yon peryòd ki long ak fòmaldeyid la li lakòz yo gen kansè nan nen (NCI).
Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè: Fòmaldeyid)
Fason pou diminye risk
Si ou gen enkyetid konsènan iritasyon po oswa iritasyon je ki soti nan yon pwodui ki gen fòmaldeyid, ou ka bezwen chanje pwodui yo pou ou pase nan yon pwodui ki pa gen pwodui chimik sa yo. Ou ka pa wè fòmaldeyid nan lis engredyan pwodui yo, men gen de (2) engredyan ki gen rapò ak fòmaldeyid ki ka gen menm efè yo: fòmòl ak metilèn glikòl.
Gen plizyè sit entènèt tankou pa Environmental Working Group la Baz done Skin Deep oswa MADE SAFEki evalye nivo sekirite ki gen nan engredyan ki nan pwodui nou itilize kòm swen pèsonèl nou. Sit entènèt sa yo pibliye mak ki gen kèk pwodui chimik tou. Aplikasyon pou Esmatfòn Detox Me gen ladan l plizyè konsèy ki pou ede w pi byen chwazi pwodui ou yo.
Yon dèmatològ epi/oswa yon famasyen kapab ede w chwazi pwodui ki pa gen pwodui chimik ou ta renmen evite yo.
Ou ka siyale nenpòt move reyaksyon sou sante w dirèkteman bay FDA pandan ou ap itilize lyen sa a: FDA MedWatch Adverse Event Reporting System.
Sa nou dwe kenbe
Moun ki ap travay nan estidyo bote gen yon risk ki pi elve pou gen kansè akòz yo ekspoze souvan ak fòmaldeyid, ki pwodui lè chanpou ki gen fòmaldeyid la chofe. Panse pou itilize chanpou ki pa gen fòmaldeyid.
Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon, ale sou sous fyab sa yo
Environmental Working Group (EWG): Baz done Skin Deep (Gwoup ki ap Travay sou Anviwònman (EWG): Skin Deep Database)
MADE SAFE
Food Drug Administration (FDA): Fòmaldeyid and hair products (Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA): Fòmaldeyid ak pwodui pou cheve)
National Cancer Institute (NCI): Formaldehyde and cancer (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Fòmaldeyid ak kansè)
OSHA: Formaldehyde (OSHA: Fòmaldeyid)
OSHA: Formaldehyde in hair salons (OSHA: Fòmaldeyid nan estidyo bote)
Nou te pibliye l
9 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022