Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo lakòz moun gen kansè
Sa ou ka tande
Lè yon moun ekspoze ak pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo li kapab ogmante risk pou devlope kansè.
Kisa lasyans di nou
Jeneralman yo itilize pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo nan pwodiksyon manje epi pou trete kote bèt nuizib yo anvayi. Moustik, tik, rat, ak sourit kapab pote maladi, epi nou kapab itilize pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo pou limite ekspozisyon moun genyen ak bèt nuizib sa yo (EPA).
Prèv Epidemyolojik
Li difisil anpil pou mezire ekspozisyon ak pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo, se poutèt sa nou pa kapab fè esè pou kontwòl yon fason aleyatwa. Pifò ekspozisyon ki kapab enpòtan pou risk kansè ka fèt depi byen lontan, epi li prèske enposib pou yon moun deklare avèk presizyon ekspozisyon li ka genyen sa te gen plizyè ane. Etid pwofesyonèl yo te pi itil pou konprann efè pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo (pa egzanp, pami travayè ki nan agrikilti yo), epi anpil nan yo te fè konnen lè moun ekspoze anpil ak pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo li kapab ogmante risk pou gen plizyè kalite kansè tankou: kansè sèvo, kansè tete, kansè nan ren, kansè nan poumon, kansè nan ovè, kansè pankreya, ak kansè pwostat (Bassil et al.).
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Nou te wè nan etid toksikoloji yo gen anpil pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo ki lakòz kansè. Nan DDT ki fèt nan etid nan laboratwa nou te wè li lakòz timè nan fwa rat ak sourit yo.
Lendàn (Lindane) la kapab bay moun kansè men nou bezwen gen done anplis pou evalye l. Yo te wè li kapab bay moun timè nan poumon (Burns ak lòt.)
Glifosat
Prèv Epidemyolojik
Pifò etid epidemyolojik ak rès done epidemyolojik yo te montre glifosat la, yon pwodui chimik yo itilize souvan pou tiye move zèb yo, pa lakòz kansè lakay moun(EPA). Sepandan, gen anpil moun ki toujou pa dakò ak rezilta sa yo ak sou konklizyon yo jwenn sou wòl glifosat la genyen nan nivo ekspozisyon moun konn abitye genyen epi gen kèk moun ki konsidere yo pa rezoud.
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Jeneralman prèv ki soti nan laboratwa yo koresponn avèk prèv epidemyolojik ki di ekspozisyon ak pwodui chimik pou touye bèt nuizib ki sou bèt ak sou plant yo ki fèt ak baz glifosat jeneralman san danje pou bèt yo (Jarrell ak lòt.).
Klasifikasyon Pwodui ki Lakòz Kansè dapre IARC: 2A (Ki gen posibilite pou lakòz kansè lakay moun: Glifosat)
Fason pou diminye risk
Ou kapab limite itilizasyon pwodui chimik pou touye bèt nuizib ki sou bèt ak sou plant yo pandan ou ap chwazi metòd ki pa gen pwodui chimik pou kontwole bèt nuizib ki gen nan jaden an. Ou kapab itilize pyèj mekanik pou pran bèt nuizib ou pa vle yo, epi lè ou pèmèt bèt nuizib ki nan avantaj ou yo rantre nan jaden an li kapab ede nan diminye kantite pis ki genyen yo. Koksinèl yo kapab diminye nan kantite pis ki genyen yo.
Si ou ap itilize pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo asire w ou suiv enstriksyon ki sou boutèy la epi mete rad ki ap ba w pwoteksyon lè ou ap flite. Mete gan, mete linèt ki pou pwoteje je w, epi asire w ou nan yon zòn kote lè a rantre byen. Kenbe timoun, bèt domestik yo ak jwèt yo yon kote ki lwen zòn ou ap trete a(NY Health).
Sa nou dwe kenbe
Gen kèk pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo IARC ak EPA fè konnen ki danjere epi yo kapab lakòz kansè. Menm si gen kèk pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo tankou glifosat EPA konsidere san danje, gen plis rechèch ki bezwen fèt pou nou kapab wè ki pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo ki ka danjere.
Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon, ale sou sous fyab sa yo
Kansè ak ekspozisyon nan espas travay
Nou te pibliye l:
22 out 2022
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022