Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Bann ki fèt ak elastik yo gen yon gwo kantite pwodui chimik ki kapab lakòz moun gen kansè
Sa ou ka tande
Yo te retire bann ki fèt ak elastik yo sou reyon yo akoz enkyetid ki genyen sou risk pou kansè.
Kisa lasyans di nou
Rainbow Loom se yon aparèy an plastik yo itilize pou trese ti bann an kawoutchou ki gen tout koulè (loom bands) pou yo tounen bijou. Yo te retire bann ki fèt ak elastik yo sou reyon yo aprè yo te wè yo gen yon gwo kantite ftalat. Se yon enkyetid paske lè yon moun konsome ftalat la sou yon peryòd ki long li kapab lakòz li gen kansè. Se timoun ki plis itilize bann ki fèt ak elastik yo, epi gen yon risk pou bann lan tonbe nan bouch timoun lan.
Prèv Epidemyolojik
Gen etid ki te byen fè ak ftalat la sou modèl bèt yo, epi yo te wè ekspozisyon ak ftalat la anvan nesans lan gen efè danjere sou aparèy repwodiksyon pitit ki mal yo (Engel ak lòt.). Pandan 10 lane ki sot pase yo, etid yo te montre lè moun ekspoze ak ftalat anvan nesans lan li afekte devlopman sèvo timoun lan epi li ogmante risk pou li gen twoub aprantisaj, twoub atansyon ak twoub konpòtman (Engel ak lòt.). Toujou gen anpil kesyon konsènan fason ftalat yo ka afekte sante moun, epi gen rechèch anplis ki bezwen fèt pou evalye risk ftalat la gen sou sante a.
Gen plizyè kalite ftalat, epi se sèlman youn (1) yo Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (IARC) klase kòm pwodui ki posib pou bay moun kansè, epi Pwogram Nasyonal pou Toksikoloji (National Toxicology Program, NTP): ftalat dyetileksil (diethylhexyl phthalate, DEHP) fè konnen “nou gen rezon pou nou panse depi anvan li lakòz kansè lakay moun.” DEHP te jwenn nan bann ki fèt ak elastik yon gwo konsantrasyon ki pi elve pase limit legal la. Sepandan, pa gen ase done ki kolekte lakay moun pou detèmine si gen yon risk kansè ki asosye espesyalman avèk bann ki fèt ak elastik yo.
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Nan modèl bèt yo, yo te wè DEHP a lakòz kansè fwa, timè ki tou piti nan testikil ak timè ki tou piti nan pankreyas
Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Gwoup 2B (li posib pou li bay moun kansè: Di(2-etileksil)ftalat) ak Gwoup 3 (nou pa klase l tankou yon pwodui ki kapab bay moun kansè: ftalat bitil ak benzil)
Fason pou diminye risk
Jan nou te di l anvan, yo te retire bann ki fèt ak elastik yo sou reyon yo akoz enkyetid ki genyen sou risk pou kansè. Ekspozisyon an pi elve lè nou manje oswa bwè pwodui ki gen ftalat (CDC). Timoun ki ap rale yo epi ki ap manyen pwodui ki gen ftalat epi ki mete men yo nan bouch yo reprezante yon gwo enkyetid. Pou asire nou ekspozisyon ak ftalat la pa elve, pa manje oswa pa bwè (oswa nan ka kote gen bann ki fèt ak elastik yo, pa kite timoun ou an mete bann sa yo nan bouch li) pwodui ou konnen ki gen yon gwo nivo ftalat. Pwodui sa yo gen ladan l kèk jwèt, kouvèti ki fèt ak vinil, kouvèti pou mi ki fèt ak vinil, detèjan, luil pou librifye, pake pou mete manje, pwodui famasetik, pòch ak tib san, ak pwodui pou swen pèsonèl, tankou vèni pou zong, pwodui pou flite nan cheve, losyon pou mete apre nou raze, savon, chanpou, elatriye (FDA).
Sa nou dwe kenbe
Gen rechèch anplis ki dwe fèt pou nou kapab evalye relasyon ki genyen ant ftalat la ak risk pou kansè. Sepandan, ekspozisyon ak ftalat la gen lyen ak lòt maladi, tankou pwoblèm nan sante repwodiktif ak pwoblèm nan devlopman sèvo timoun yo. Si timoun ou an ap itilize bann ki fèt ak elastik, asire w li pa mete bann lan nan bouch li, epi li lave men l apre li fin touche l.
Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon, ale sou sous fyab sa yo
BBC: Loom bands and cancer (BBC: Bann ki fèt ak elastik ak kansè)
Centers for Disease Control and Prevention (CDC): Phthalate (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): ftalat)
Food Drug Administration (FDA): Phthalates (Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA): Ftalat)
Canadian Cancer Society: BPA (Sosyete Kanadyen pou Kansè: BPA)
Engel ak lòt. Neurotoxicity of Ortho-Phthalates (Newotoksisite Òto-Ftalat yo)
National Toxicology Program (NTP): Report on Carcinogens (Pwogram Toksikoloji Nasyonal (NTP): Rapò sou sibstans ki kapab bay moun kansè)
American Cancer Society (ACS): Known and probable human carcinogens (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Pwodui yo konnen ki kapab bay moun kansè)
Nou te pibliye l:
29 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022