Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Lè moun mete soutyen li kapab lakòz kansè tete
Sa ou ka tande
Lè yon moun mete soutyen li kapab lakòz li gen kansè.
Kisa lasyans di nou
Prèv Epidemyolojik
Gen enkyetid ki fè konnen lè moun mete soutyen li chanje fason gangliyon lenfatik yo elimine dechè ak toksin ki soti nan tete a. Sepandan, pa gen okenn prèv epidemyolojik ki sipòte deklarasyon sa a.
Sant Rechèch sou Kansè Fred Hutchinson (Fred Hutchinson Cancer Research Center) nan Seattle te pale avèk plis pase 1000 fi pifò te gen menm kalite kansè tete nou jwenn pi souvan, epi yo te pale ak 500 fi ki pa gen kansè tete yo te chwazi konsa. Ankèt la te montre pa t gen diferans ant sa ki te mete soutyen yo ak sa ki pa t mete yo (Harvard Health). Anvan sa a gen yon etid ki fèt nan Harvard School of Public Health (Lekòl Sante Piblik Harvard) ki pa t jwenn rapò a lè yo te pale avèk 15630 fi sou fason yo itilize soutyen yo ak antesedan sou kansè (Hsieh et al.). De (2) etid sa yo sijere pa gen asosyasyon ant fason yon moun itilize soutyen ak kansè tete.
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Pa gen prèv ki soti nan laboratwa ki fè lyen ant soutyen ak risk pou kansè.
Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa Klase.
Fason pou diminye risk
Gen plizyè faktè risk nou konnen ki asosye avèk kansè tete. Li klè lè yon moun bwè alkòl li gen lyen ak ogmantasyon risk pou gen kansè tete, epi risk la ogmante avèk kantite alkòl moun lan konsome. Fi ki konsome yon (1) bwason ki gen alkòl pa jou gen yon ti ogmantasyon (7 jiska 10 %) konpare avèk moun ki pa bwè yo; risk sa a ogmante pou li rive 20% lakay fi ki bwè 2 jiska 3 vè alkòl pa jou (ACS).
Yon lòt faktè risk nou konnen se obezite apre menopoz, oswa lè moun lan gen yon BMI ki 30.0 oswa pi plis. Apre yon fi fè menopoz li, pifò estwojèn fi a soti nan tisi ki kenbe grès lan (tisi adipe). Lè w gen twòp grès li kapab ogmante nivo estwojèn lan epi ogmante risk pou devlope kansè tete. Fi ki gen twòp pwa oswa ki obèz gen tandans pou yo gen yon nivo ensilin ki pi elve, sa ki gen lyen avèk kèk kansè tou. Nou kapab diminye toulède risk sa yo avèk aktivite fizik ak yon rejim alimantè ki bon pou sante a, sa ki diminye risk pou kansè tete (ACS).
Sa nou dwe kenbe
Pa gen prèv epidemyolojik ki montre gen asosyasyon ant fason yon moun itilize soutyen ak kansè tete.
Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon, ale sou sous fyab sa yo
American Cancer Society (ACS): Lifestyle-related breast cancer risk factors (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Faktè risk pou kansè tete ki gen rapò ak fason nou viv)
ACS: Breast cancer risk factors you cannot change (ACS: Faktè risk pou kansè tete nou pa kapab chanje)
Harvard Health: Breast cancer and deodorant (Harvard Health: Kansè tete ak deyodoran)
Cancer Epidemiology, Biomarkers, and Prevention Journal: Bra Wearing Not Associated with Breast Cancer Risk (Jounal sou Epidemyoloji, Biyomakè ak Prevansyon Kansè: Lè yon Moun Mete Soutyen li Pa Asosye avèk Risk pou Kansè Tete)
Hsieh et al. Breast size, handedness, and breast cancer risk (Hsieh et al. Gwosè tete a, men moun nan itilize, ak risk pou kansè tete)
Nou te pibliye l nan dat:
24 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022