Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Pilòt ak otès ki nan avyon yo gen yon risk kansè ki ogmante
Sa ou ka tande
Moun ki vwayaje souvan, tankou pilòt ak otès ki nan avyon yo gen yon risk kansè ki pi elve.
Kisa lasyans di nou
Ekipaj ki nan avyon an ekspoze ak yon nivo radyasyon ki pi wo (espesyalman radyasyon kosmik iyonizan, ki se yon tip radyasyon ki soti nan lespas). Nou konnen radyasyon kosmik iyonizan an kapab lakòz moun gen kansè, epi ekipaj ki nan avyon yo gen mwayèn ekspozisyon ki pi plis pami tout travayè nan Etazini ki ekspoze ak radyasyon (CDC). Epitou, ekipaj yo souvan gen deranjman nan sik somèy yo.
Prèv Epidemyolojik
Dapre Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention, CDC), ni fi ni gason ki se manm ekip la ka gen risk pou kansè po ki ogmante, risk pou kansè nan tete ogmante pou manm ekip la ki se fi, epi gason ki se manm ekip la gen alafwa risk pou gen sakom Kaposi ki ogmante epi yo gen risk lenfom non-Hodgkin ki ogmante (CDC). Menm si gen ase prèv pou apiye sa ki di yo, syantifik yo toujou pa sèten sou rezon ki fè yo se verite, men yo gen k֞èk teyori:
- Lè yon moun ekspoze ak radyasyon iltravyolè ki soti nan ekspozisyon ak solèy li se yon gwo risk pou gen melanom maliy, epi radyasyon iltravyolè yo fò anpil lè nou nan altitid ki pi wo. Fenèt ki nan avyon komèsyal yo bloke kèk radyasyon men se pa tout (CDC).
- Ekspozisyon ak nivo elve ki gen radyasyon iyonizan kosmik (CDC)
- Deranjman nan rit Sikadyen an (sik somèy la) akoz deplasman atravè fizo orè a, epi paske y ap travay nan lè moun nòmalman ap dòmiCDC) ka asosye avèk risk kansè ki elve
Diferans nan ekspozisyon ki pa gen rapò ak lè vòl la nan espas ki pa travay la (sa vle di nan avyon an) (CDC)
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Aktyèlman, prèv ki soti nan laboratwa ki eksplike relasyon ki genyen ant vwayaje nan avyon ak risk kansè ki ogmante a limite.
Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè: radyasyon iyonizan).
Fason pou diminye risk
CDC rekòmande pou manm ekip la eseye diminye nan tan y ap fè nan vòl ki long yo, diminye nan vòl ki pase nan yon latitid ki wo, oswa vòl ki pase anwo Pòl Nò ak Pòl Sid. Vòl sa yo kapab lakòz nou gen yon nivo ekspozisyon ak radyasyon ki pi wo (CDC).
Pou kapab diminye risk pou gen kansè po, pwoteje po w kont solèy. Gen plizyè fason ou kapab diminye risk pou gen kansè po ki soti nan ekspozisyon ou genyen ak radyasyon Iltravyolè: pa rete nan solèy la oswa rete nan lonbraj (espesyalman nan mitan jounen), mete rad ki kouvri bra w ak pye w, mete chapo ki laj epi mete linèt solèy ki bloke reyon Iltravyolè (UVA) ak reyon UVB yo. Pou fini, siveye ti siy ki parèt sou po w ki parèt yon fason anòmal epi pale avèk doktè w paske ti siy ki parèt sou po w yo ka devlope an melanom (CDC).
Sa nou dwe kenbe
Ekipaj ki nan avyon yo gen alafwa risk kansè po ak risk kansè tete ki ogmante. CDC rekòmande pou ekipaj ki nan avyon yo diminye nivo ekspozisyon yo genyen avèk radyasyon yo.
Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon, ale sou sous fyab sa yo
Centers for Disease Control and Prevention (CDC): Cosmic radiation (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): Radyasyon kosmik)
CDC: Aircrew and cancer (CDC: Ekipaj ki nan avyon ak kansè)
CDC: Sun safety (CDC: Sekirite nan solèy)
CDC: Breast cancer (CDC: Kansè tete)
CDC: Skin cancer (CDC: Kansè po)
NCI: Lymphoma (NCI: Lenfom)
Nou te pibliye l:
6 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022