Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Lè w fimen mariwana li gen mwens danje pase sigarèt epi li pa lakòz kansè
Sa ou ka tande
Konsomasyon mariwana lakòz kansè.
Kisa lasyans di nou
Mariwana se non yo bay boujon ak fèy seche ki soti nan plant ki rele kanabis la; yo rele l plizyè fason, tankou po, zèb, kanabis, wid, ak chanv. Plant mariwana a soti nan plizyè souch diferan ki gen diferan nivo konpoze ki aktif, epi efè yo kapab varye dapre pwofondè ak valè tan ou fè ap rale l; pou rezon sa a ekperyans chak moun ki konsome l diferan.
Se Delta-9-tetrayidwokanabinòl (THC) ki lakòz konsomatè yo santi yo ap “plane” epi li kapab ede soulaje doulè ak kè plen, epi li diminye enflamasyon tou (ACS). Yo kapab itilize kanabidyòl la (CBD) pou trete kriz, diminye anksyete ak paranoya, epi li kapab anpeche efè THC a ki fè moun lan santi li ap plane a (ACS).
Mariwana a kapab lakòz konsomatè yo gen kèk domaj. Efè ki rive pi souvan ak mariwana se efori, ki diminye kontwòl sou mouvman, ou pèdi oryantasyon, epi pafwa li bay anksyete, paranoya, suisid, oswa sikoz (DFCI). Lafimen mariwana a bay kò a THC ak lòt kanabinoyid, men li bay lòt sibstans ki danjere ak moun ki twò pre (ACS). Moun ki ap fimen mariwana kapab gen bwonchit kwonik ak lòt pwoblèm pou aprantisaj, memwa, ak atansyon.
Ni kanabis la ni kanabinoyid la ka lakòz adiksyon. Lè yon moun ap sevre ak kanabis li kapab ba li sentòm tankou li deranje fasil oswa li fache fasil, difikilte pou dòmi, li pa kapab rete san bouje, li santi chalè, li gen kè plen oswa kranp (NCI).
Administrasyon ki ap Lite kont Dwòg (Drug Enforcement Administration) nan Etazini mete mariwana kòm sibstans ki kontwole ki nan Pozisyon I, menm si nan kèk eta yo pèmèt mou achte l epi itilize l yon fason ki legal, yo pa kapab preskri l, genyen l oswa vann li nan kad lwa federal yo. Sepandan, daprè kèk lwa nan plizyè eta li legal pou itilize mariwana pou trete kèk pwoblèm medikal.
Prèv Epidemyolojik
Gen anpil bagay nou toujou poko konnen sou konsomasyon mariwana, paske pa gen anpil etid ki fèt sou efè posib li genyen sou kansè, epi US DEA toujou mete l nan sibstans ki ilegal. Kategorizasyon mariwana kòm sibstans ki ilegal la limite kantite rechèch yo ak ki kalite rechèch syantifik yo kapab fè. Gen plis rechèch ki bezwen fèt sou moun pou yo kapab wè efè mariwana a genyen sou yon peryòd ki long.
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Gen etid ki fèt sou bèt ki siyale efè mariwana a. Gen yon etid ki montre mariwana a diminye gwosè timè ki nan pwostat, ki te diferan selon dòz ak valè tan tretman an pran. Sepandan, gen plis etid ki bezwen fèt pou konfime rezilta sa a (Singh ak lòt.).
Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase
Fason pou diminye risk
Sosyete Ameriken pou Kansè (American Cancer Society) rekòmande pou nenpòt desizyon nou ap pran sou doulè avèk jesyon sentòm ki fèt avèk konsomasyon mariwana dwe fèt ant pasyan ak doktè l, kote li ap gade avantaj ak dezavantaj yo avèk pasyan an, preferans ak valè pasyan an, ak nenpòt lwa ak regilasyon ki ka aplike. Fason moun lan ap fimen mariwana a ka afekte risk pou gen kansè, lè w ap fimen (boule) mariwana li pwodui sibstans ki gen chans pou bay moun kansè.
Sa nou dwe kenbe
Pa gen ase prèv ki pèmèt nou di mariwana gen lyen avèk kansè, men konsomasyon mariwana ka lakòz lòt enkonvenyan pou moun ki ap konsome l yo.
Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon, ale sou sous fyab sa yo
American Cancer Society (ACS): Marijuana and cancer (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Mariwana ak kansè)
Dana-Farber Cancer Institute (DFCI): Marijuana and cancer (Dana-Farber Cancer Institute (DFCI): Mariwana ak kansè)
National Cancer Institute (NCI): Cannabis (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Kanabis)
Nou te pibliye l:
25 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022