Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Boutèy dlo ki an plastik kapab lakòz kansè
Sa ou ka tande
Gen avètisman ki afiche sou boutèy dlo ki an plastik yo konsènan risk pou gen kansè.
Kisa lasyans di nou
Nou te gen enkyetid sou risk pou kansè ki te ka soti nan ekspozisyon ak adipat dyetileksil (DEHA), dyetileksil ftalat (DEHP), oswa bisfenòl A (BPA) nou ka jwenn nan boutèy dlo an plastik yo.
Sosye Ameriken pou Kansè te fè konnen mesaj popilè ki t ap sikile pou avèti moun pou yo pa itilize boutèy dlo ki nan plastik yo pa t baze sou rechèch moun ki nan menm domèn avè l te fè (ACS). Anplis, Ajans Pwoteksyon pou Anviwònman an te deklarare “nou pa kapab di alavans epi yon fason ki rezonab DEHA a lakòz kansè; iminotoksisite; mitasyon jèn; toksisite pou fwa, pou ren, pou repwodiksyon oswa pou devlopman an; oswa lòt efè kwonik ki grav oswa ki pa kapab chanje sou sante a”JNCI).
Prèv Epidemyolojik
Daprè Sant pou Rechèch sou Kansè nan Wayòm Ini, gen plizyè etid ki te fèt ki fè konnen pwodui chimik nou jwenn nan plastik la san danje pou bwè paske nivo ekspozisyon an ba anpil (Sant pou Rechèch sou Kansè nan Wayòm Ini).
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Chèchè yo te egzaminen 10 mak nou konnen ki fè dlo nan boutèy epi ki estoke nan kondisyon ki diferan. Yo te konkli tanperati a ak ekspozisyon nan limyè solèy la jwe yon wòl nan degradasyon ftalat la pandan tan ap pase, avèk tanperati kote y ap glase a ki gen yon pi wo nivo DEHP. Sepandan, nivo DEHP nan echantiyon yo (ant 0.296 ak 1.778 miligram/kilogram/pa jou) te pi ba pase dòz maksimòm ki san danje ki se 20 miligram/kilogram/pa jou EPA fikse a (Al-Saleh ak lòt). BPA se yon pwodui chimik endistriyèl yo itilize pou fè plastik depi 1960. Yo souvan itilize plastik sa yo pou fè bwat ki konsève manje ak bwason yo. Dapre etid ki fèt sou bèt, lè nou ekspoze ak yon gwo dòz BPA (plis pase 100 fwa nivo FDA fè konnen ki sekiritè a) li gen plis chans pou lakòz efè negatif sou sante ren ak fwa a. Men Administrasyon pou Manje ak Medikaman nan Etazini (FDA) deklare BPA a san danje nan nivo ki fèb anpil ki ka soti nan itilizasyon boutèy dlo a (FDA). Li baze sou egzamen ki fèt sou yon santèn etid (anpil nan yo te menm teste chofaj plastik la pandan plizyè èdtan), men FDA kontinye ap kontwole rechèch sa a (JNCI).
Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Gwoup 3 (Nou pa klase yo kòm pwodui ki kapab bay moun kansè: Etè diglicidilik Bisfenòl A (Araldit)).
Fason pou diminye risk
FDA ki se òganizasyon ki ap kontwole sekirite alimantè a fè konnen BPA, DEHP, ak DEHA pa reprezante okenn risk pou sante moun nan kesyon manje paske nivo ekspozisyon ki genyen aktyèlman ba anpil pa rapò ak dòz ki aksetab pou chak jou (FDA). Sepandan, si ou gen enkyetid konsènan ekspozisyon ak BPA, chwazi boutèy dlo ki an asye ki p ap okside oswa boutèy ki an vè. Anplis, gen kèk, men se pa tout plastik ki ekri kòd resiklab 3 oswa 7 ki ka fèt avèk BPA.
Sa nou dwe kenbe
Pa gen ase prèv ki montre boutèy dlo ki an plastik kapab lakòz kansè. Sepandan, se pa tout boutèy ki an plastik yo ki gen menm konpozisyon chimik, epi gen etid ki ap fèt sou ekspozisyon espesifik ak konpozan ki nan boutèy dlo a.
Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon, ale sou sous fyab sa yo
European Food Safety Authority Commission (EFSA): Safety of bisphenol A (Komisyon Otorite Ewopeyen sou Sekirite Aliman (EFSA): Sekirite bisfenòl A)
EFSA: BPA
Cancer Research UK: Plastic and cancer (Rechèch sou Kansè nan Wayòm Ini: Plastik ak kansè)
Fillon. Getting It Right: BPA and the Difficulty of Proving Environmental Cancer Risks (Fillon. Fè sa ki kòrèk: BPA ak Difikilte pou Pwouve yon Anviwònman Lakòz Kansè)
American Cancer Society (ACS): Water bottle myths (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Mitsou Boutèy Dlo)
Food Drug Administration (FDA): BPA and food contact (Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA): BPA ak kontak alimantè
Al-Saleh et al. Phthalate Residues in Plastic Bottled Waters (Al-Saleh ak lòt. Rezidi Ftalat ki nan Boutèy Dlo an Plastik yo)
Nou te pibliye l:
1 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022