Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè w kanpe bò kote yon mikwo-ond lè li ap mache lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè w kanpe two prè yon mikwo-ond li kapab ogmante risk pou devlope kansè.

Kisa lasyans di nou

Mikwo-ond lan pa degaje ase radyofrekans pou li reprezante yon danje pou moun (ACS). Mikwo-ond yo fèt yon fason pou radyasyon li genyen an rete anndan fou an. Fou a kreye mikwo-ond sèlman lè pòt la fèmen, epi lè fou a limen.

Prèv Epidemyolojik

Lè mikwo-ond lan nan bon eta epi lè nou itilize jan enstriksyon an mande pou fèsa, pa gen okenn prèv ki montre li reprezante yon risk pou sante moun.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen yon kantite etid ki limite ki fèt sou bèt oswa nan laboratwa pou gade relasyon ki genyen ant mikwo-ond ak kansè.

Klasifikasyon Pwodui ki Lakòz Kansè dapre IARC: Gwoup 2B (Ki gen posibilite pou lakòz kansè: si mikwo-ond lan kase oswa si li ouvè)

Fason pou diminye risk

Pi bon fason pou diminye risk se lè ou asire w mikwo-ond lan a ap fonksyone nan bon kondisyon. Chanje mikwo-ond ou an pou nenpòt domaj li genyen, paske li ka pèmèt radyasyon ki danjere pou moun koule, si li pa ranje.

Sa nou dwe kenbe

Li pa yon danje pou itilize mikwo-ond, depi ou itilize l nan bon kondisyon.

American Cancer Society (ACS): Radiofrequency (RF) radiation Ameriken pou Kansè (ACS): Radyasyon radyofrekans (RF)
Scientific American: Do Microwaves Cause Cancer? (Syantifik Ameriken: Èske Mikwo-ond lan Lakòz Kansè?)

Nou te pibliye l:

11 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022