Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Obezite lakòz kansè
Sa ou ka tande
Obezite gen rapò ak divès kalite kansè
Kisa lasyans di nou
Obezite oswa endis mas kòporèl la (Body Mass Index, BMI) se yon maladi kote yon moun gen yon kantite grès epi/oswa yon distribisyon grès ki pa bon sou sante a. Pou mezire obezite a chèchè yo souvan itilize echèl BMI a, pou yo detèmine l yo divize pwa moun lan (an kilogram) pa wotè l (an mèt) kare. BMI a bay yon mezi ki pi egzak pou obezite a pase pwa a poukont li, men li gen limit li. Prèske 70% adilt nan Etazini gen yon BMI ki 25.0 oswa plis, sa vle di moun lan gen twòp pwa (25.0-29.9) oswa li obèz (30.0 ak pi wo) (NCI). Sepandan, gen plizyè fason pou mezire obezite, epi chak nan yo ka asosye avèk diferan risk kansè.
Prèv Epidemyolojik
Gen prèv konsistan ki montre lè yon moun gen twòp grès nan kò l li gen rapò ak yon kantite kansè. Moun ki obèz yo gen enflamasyon kwonik, sa ki kapab lakòz ADN la domaje pandan tan ap pase epi mennen ak kansè. Moun sa yo gen plis chans pou gen lòt maladi oswa twoub ki gen lyen oswa ki lakòz enflamasyon kwonik: tankou, ezofaj Barrett, lityaz bilyè, kolit ilsè, ak epatit(NCI). Men kansè ki gen lyen ak obezite:
- Kansè nan andomèt: fi ki obèz epi fi ki gen twòp pwa gen 2 jiska 4 fwa risk pou devlope kansè nan andomèt (kansè anndan matris la) pase fi ki gen BMI ki nòmal. Risk pou gen kansè nan andomèt la ogmante lè moun pran pwa nan laj adilt li(NCI).
- Ezofaj: Moun ki gen twòp pwa oswa moun ki obèz gen 2 fwa plis chans pou devlope yon adenokasinòm ezofajyen pase moun ki gen yon BMI ki nòmal (NCI).
- Kadya gastrik: Moun ki obèz gen prèske de (2) fwa plis risk pase moun ki gen yon pwa ki nòmal pou devlope kansè nan pati ki anwo lestomak la, pi pre ezofaj la (NCI).
- Fwa: Moun ki gen twòp pwa oswa moun ki obèz gen jiska de (2) fwa plis risk pou devlope yon kansè nan fwa pase moun ki gen pwa ki nòmal; asosyasyon sa a pifò lakay gason (NCI).
- Ren: Moun ki gen twòp pwa oswa moun ki obèz gen jiska de (2) fwa plis risk pou devlope yon kansè nan selil ren yo, fòm nou jwenn pi souvan an se kansè ren pase moun ki gen pwa nòmal yo (NCI).
- Myelom miltip: Myelom miltip la se yon kalite kansè ki fèt nan yon kalite selil nan globil blan an ki espesifik (selil plasma a) epi li fè pil nan mwèl zo a. Konpare ak moun ki gen yon pwa ki bon pou sante a, moun ki twò gwo oswa moun ki obèz gen yon risk ki ogmante a 10 jiska 20% pou devlope yon myelom miltip (NCI).
- Menenjyom: Yon menenjyom se yon timè ki devlope dousman nan manbràn ki antoure sèvo a ak mwèl epinyè a. Risk pou gen yon menenjyom ogmante a 50% lakay moun ki obèz epi 20% lakay moun ki gen twòp pwa.
- Pankreyatik: Moun ki gen twòp pwa oswa moun ki obèz gen 1.5 fwa plis chans pou devlope yon kansè pankreyas (NCI).
- Kolorektal: Moun ki obèz yo gen 30% chans anplis pou devlope kansè kolorektal pase moun ki gen pwa nòmal yo (NCI).
- Vezikil bilyè: Moun ki obèz yo gen yon risk ki ogmante a 60% pou gen kansè nan vezikil bilyè (NCI).
- Tete: Fi ki nan menopoz yo ki obèz gen yon risk ki ogmante soti nan 20 jiska 40% pou devlope kansè tete (NCI).
- Ovè: yo asosye yon BMC ki elve avèk yon risk ki ogmante a 10% pou gen kansè ovè lakay fi ki pa janm itilize terapi òmòn pou menopoz (NCI).
- Tiroyid: yo asosye yon BMC ki elve avèk yon risk ki ogmante a 10% pou gen kansè tiroyid lakay fi ki pa janm itilize terapi òmòn pou menopoz (NCI).
Pou moun yo dyagnostike kansè tete, kansè pwostat, oswa pou kansè kolorektal, rechèch yo montre obezite a kapab fè aspè nan lavi yon sivivan kansè vin pi grav (pa egzanp: kalite lavi, kansè a ki reparèt, pwogresyon kansè, ak fason yo siviv).
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Rezilta etid ki fèt nan laboratwa ak sou bèt jeneralman konfime prèv epidemyolojik ki di obezite asosye avèk risk pou gen divès kalite kansè.
Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase
Fason pou diminye risk
Etid epidemyolojik yo montre prèv konsistan ki di moun ki gen yon BMI nòmal gen mwens risk pou gen kansè kolon, kansè ren, kansè tete, kansè nan andomèt ak kansè nan ovè (NCI). Etid yo montre moun ki pèdi pwa diminye risk pou gen kansè tete, kansè nan andomèt, kansè kolon, ak kansè pwostat. Moun ki gen obezite ki fè chiriji baryatrik sanble gen risk ki pi ba pou gen kansè ki gen rapò ak obezite pase moun ki pa fè operasyon baryatrik yo.
Etap pou anpeche ou pran twòp pwa ki pa bon pou sante a menm avèk etap pou pèdi pwa a: fè egzèsis regilyèman, kenbe yon rejim alimantè ki bon pou sante, epi kontwole pwa w. Pou anpeche ou pran pwa, li rekòmande pou fè 150 jiska 300 minit aktivite entansite ki modere chak semèn (Mayo Clinic). Yon rejim alimantè ki bon pou lasante gen ladan l aliman ki pa gen anpil kalori epi ki gen anpil nitriman (tankou fwi, legim, ak grenn antye), evite grès satire, epi limite bagay dous, alkòl ak pwodui transfòme. Idantifye sitiyasyon ki lakòz ou manje twòp, epi lè w kontwole sitiyasyon sa yo li kapab anpeche w pran pwa tou. Pou fini, lè gen konsistans nan rejim alimantè a epi ou fè egzèsis fizik, epi ou kontwole pwa w yon fason ki regilye, sa kapab ede ou pran twòp pwa.
Sa nou dwe kenbe
Obezite ogmante risk pou gen kansè nan andomèt, kansè nan ezofaj, kadya gastrik, kansè fwa, kansè ren, myelom miltip, menenjyom, kansè pankreyas, kansè kolorektal, kansè nan veskikil bilyè, kansè tete, kansè ovè, ak kansè tiwoyid. Etap pou anpeche ou pran pwa ki pa bon pou sante a menm avèk etap pou pèdi pwa a: fè egzèsis regilyèman, kenbe yon rejim alimantè ki bon pou sante, epi kontwole pwa w.
Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon, ale sou sous fyab sa yo
BMI Calculator (Kalkilatris BMI)
National Cancer Institute (NCI):Obesity and cancer (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI):Obezite ak kansè)
MD Anderson: Obesity and cancer (Doktè Anderson: Obezite ak kansè)
CDC: Obesity and cancer (CDC: Obezite ak kansè)
Mayo Clinic: Obesity (Klinik Mayo: Obezite)
Nou te pibliye l:
24 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022