Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Chita twò pre televizyon lakòz kansè
Sa ou ka tande
Daily Mirror pibliye yon istwa nan lane 2003 kote li deklare lè yon moun chita twò pre televizyon pandan yon peryòd ki long li ogmante risk pou gen kansè.
Kisa lasyans di nou
Ansyen televizyon yo bay yon nivo radyasyon ki ba, men televizyon modèn yo fèt ak pwòp baraj yo, konsa moun yo pwoteje kont potansyèl ekspozisyon ak radyasyon. Televizyon nan li menm pa ogmante risk pou gen kansè men li se pito yon senbòl sou fason moun ap viv kote li pa bouje anpil.
Konpòtman kote ou pa bouje anpil se lè ou pase anpil tan chita oswa kouche, menm si se lè ou ap gade televizyon, lè ou ap li yon liv, chita nan yon bis, oswa itilize yon òdinatè. Konpòtman sa a separe w ak kantite tan kote ou aktif fizikman ak kalori ou boule lè ou ap fè egzèsis, menm si yon modèl lavi kote ou pa bouje anpil ak lè ou pa fè anpil aktivite fizik kapab kontribiye ak lòt maladi.
Prèv Epidemyolojik
Menm si gen kèk kalite radyasyon ki kapab lakòz kansè, pa gen prèv epidemyolojik ki montre yon moun ekspoze ak yon gwo kantite radyasyon lè w chita twò prè yon televizyon. Yon lòt bò, kò a boule yon ti kantite enèji ki piti lè nou chita, epi kalori ki boule yo gen yon lyen avèk ogmantasyon risk obezite (ak yon nivo grès ki pi elve pou kò a), maladi kè, ak kansè (Rechèch sou Kansè nan Wayòm Ini (Cancer Research UK)). Plizyè etid epidemyolojik ki pibliye te konkli yon konpòtman kote moun pa bouje anpil ogmante risk pou devlope kansè.
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Nan laboratwa kote yo itilize bèt, yo te etidye relasyon ki genyen ant fè egzèsis ak fòmasyon timè. Gen kèk etid ki te montre egzèsis yo kapab diminye anpil gwosè timè lakay yon sourit.
Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase.
Fason pou diminye risk
Lè ou vin alafwa aktif epi ou rete mwens san w p ap fè anyen, ou viv yon fason kote ou pi an sante epi li diminye risk pou devlope obezite, maladi kè, ak kansè (Rechèch sou Kansè nan Wayòm Ini). Fè omwen 150 jiska 300 minit aktivite fizik modere chak semèn (li kapab mache, kouri, naje, fè travay nan kay, oswa menm al achte). Lè ou manje yon fason ki bon pou sante li ede diminye risk pou pran pwa tou.
Sa nou dwe kenbe
Gade televizyon epi chita ak yon distans ak televizyon an pa lakòz kansè. Sepandan, lè w viv yon fason kote ou pa bouje anpil (pa egzanp, lè w gade anpil televizyon) li asosye avèk yon nivo aktivite fizik ki ba epi li kontribiye ak yon ogmantasyon risk obezite, maladi kè, ak kansè.
Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon, ale sou sous fyab sa yo
Cancer Research UK: TV and cancer (Rechèch sou Kansè nan Wayòm Ini: Televizyon ak kansè)
Science Daily: Prolonged TV viewing (Science Daily: Gade televizyon pandan yon tan ki long)
NY Times: TV and eye strain (NY Times: Televizyon ak zye ki fatige)
BBC: Screen time and health risks (BBC: Tan devan ekran ak risk pou sante)
Nou te pibliye l:
2 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022