Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Amyant ki lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè yon moun ekspoze ak amyant li lakòz kansè.

Kisa lasyans di nou

Amyant lan se te yon materyèl konstriksyon (yo te konn itilize prensipalman nan izolasyon) epi nou kapab jwenn li nan bilding ki te konstwi anvan lane 2000.

Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (International Agency for Research on Cancer, IARC) te klase amyant kòm pwodui ki kapab bay moun kansè yo konnen. Li lakòz kansè pandan li ap sikatrize tisi poumon an chak fwa lè rantre nan fib yo. De (2) pi gwo kalite kansè nou plis konnen ki gen rapò ak amyant lan se kansè poumon ak mezoteliyom (ACS). Epitou, gen yon lyen ant amyant lan ak nivo kansè nan ovè ak kansè nan larenks.

Prèv Epidemyolojik

Gen plizyè etid epidemyolojik ki montre lè moun ekspoze ak amyant li ogmante risk pou li gen mezoteliyom, yon kalite kansè poumon. Yon etid ki te fèt Taiwan pami travayè nan endistri jad te montre ogmantasyon ris pou kansè poumon (Lin et al.). Yon lòt etid ki te fèt sou yon gwoup ki baze nan popilasyon an te montre moun ki ap viv tou prè izin ki pwodui amyant yo te montre yon nivo ki elve pou kansè mezotoliyom ak pou kansè nan poumon konpare ak popilasyon jeneral la tou (Zha et al.). Epitou, nan etid ka temwen yo nou te wè moun ki ekspoze ak amyant yo gen yon risk ki pi elve pou devlope kansè nan poumon (Minowa et al.).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Plizyè etid ki fèt sou bèt te montre ekspozisyon ak amyant danjere pou bèt yo, epi li kapab lakòz plizyè kalite kansè tankou mezoteliyom.

Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè)

Fason pou diminye risk

Depi kòmansman ane 2000, gen plizyè peyi ki entèdi itilizasyon amyant lan nan konstriksyon, epi gen efò aktif ki fèt pou retire amyant lan nan bilding ki te konstwi anvan lane 2000 lan tou, espesyalman nan Etazini (ACS).

Pou asire ekspozisyon w ak amyant lan pa elve, verifye kilè yo te konstwi kay ou an, espas travay ou ak nenpòt lòt bilding ou frekante souvan. Si gen nenpòt nan yo ki te konstwi anvan lane 2000, verifye si yo te repare yo epi/oswa enspekte yo pou amyant. Pifò bilding genyen l, men si ou pa sèten, kontakte ACS la ki se enstitisyon ki reponsab pou retire epi fè tès pou amyant (NIOSH).

Sa nou dwe kenbe

Amyant lan se yon pwodui nou konnen ki bay kansè, men pou pifò moun, lè yo ekspoze ak amyant lan li pa yon enkyetid. Pou kapab asire w ekspozisyon ou an pa elve, verifye kay ou an ak espas travay ou respekte nòm estanda yo.

American Cancer Society (ACS): Known and probable human carcinogens (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Konnen pwodui ki kapab bay moun kansè)
American Cancer Society (ACS): Asbestos and cancer risk (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Amyant ak risk pou kansè)
CDC and National Institute for Occupational Safety and Health (NIOSH): Asbestos (CDC ak Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay (NIOSH): Amyant)
Increased Standardised Incidence Ratio of Malignant Pleural Mesothelioma in Taiwanese Asbestos Workers: A 29-Year Retrospective Cohort Study (Ogmantasyon Nivo Ensidans Estandadize pou Mezateliyom Pleral Lakay Travayè nan Peyi Taiwan ki ap Travay nan Amyant: Retwospektiv sou yon Etid sou yon Gwoup Moun ki gen 29 lane)
Population-based cohort study on health effects of asbestos exposure in Japan (Etid ki baze sou yon gwoup moun nan popilasyon an sou efè amyant lan genyen sou sante yo nan peyi Japon)
A case-control study of lung cancer with special reference to asbestos exposure (Yon etid sou ka temwen pou kansè poumon avèk referans espesyal pou ekspozisyon ak amyant)

Nou te pibliye l nan dat:

6 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022