Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lafimen dyezèl lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè ou respire lafimen dyezèl li kapab lakòz kansè.

Kisa lasyans di nou

Dyezèl la se yon kalite gaz ki soti nan petwòl ki pa rafine epi yo itilize l nan pifò gwo motè yo (tankou kamyon, tren, bis, ekipman konstriksyon, ak bato yo). Pati ki gen gaz dyezèl la fèt ak diyoksid kabòn, monoksid kabòn, oksid nitrik, diyoksid azòt, oksid souf, ak idwokabòn (tankou idwokabi awomatik polisiklik oswa PAHs). Pati ki gen pwodui chimik ki rele swi a nan espas kote gaz la ap soti nan motè dyezèl la fèt avèk patikil (tankou kabòn, konpoze òganik tankou PAHs, ak tras konpoze metalik).

Prèv Epidemyolojik

Etid ki fèt sou moun te montre travayè ki ekspoze ak lafimen dyezèl gen yon pi gwo risk pou gen kansè poumon (ACS). Ni Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (International Agency for Research on Cancer, IARC) ni Ajans Pwoteksyon pou Anviwònman an (Environmental Protection Agency, EPA) wè lafimen dyezèl la tankou yon pwodui ki kapab bay moun kansè.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Ni gaz la ni pwodui chimik ki rele swi a ki soti nan gaz dyezèl la kapab lakòz gen chanjman ki fèt nan ADN la nan laboratwa (sa ki kapab lakòz moun gen kansè), epi lè yon moun ekspoze ak dyezèl la pandan yon peryòd ki long li kapab lakòz li gen kansè poumon nan laboratwa ki fè tès sou bèt (ACS). Gen kèk etid ki montre lè yon moun ekspoze ak dyezèl epi li respire l pandan yon peryòd ki long li kapab lakòz li gen kansè poumon nan tès ki fèt sou bèt (Heinrich et al.).

Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè).

Fason pou diminye risk

Souvan moun ekspoze ak lafimen dyezèl sou wout yo ak sou gwo wout yo, oswa nan kèk travay. Pou rezon sa a, òganizasyon tankou EPA te pran kèk desizyon pou diminye kantite dyezèl ki ap degaje sou gwo wout yo atravè lejislasyon, ak ekspè ki ap goumen pou sitiyasyon sa a pou yo kapab jwenn rediksyon anplis.

Pou sa ki gen rapò ak ekspozisyon nan espas travay oswa nan pwòp machin ou, eseye diminye tan ou ap ekspoze ak lafimen dyezèl epi diminye nan tan ou pase kote ou mete machin la sou woulib, paske li kapab danjere anpil espesyalman nan espas ki fèmen yo (ACS).

Sa nou dwe kenbe

Lafimen dyezèl lakòz kansè. Machin yo dwe respekte rekòmandasyon federal sou sistèm ki gen lafimen pou yo kapab diminye lafimen dyezèl ki ap soti. Evite sistèm ki gen lafimen ki la lontan paske yo kapab danjere, espesyalman nan espas ki fèmen. Chwazi machin ki pa bay anpil lafimen, li gen ladan l machin elektrik, epi sipòte politik nasyonal ki la pou diminye kantite lafimen k ap soti pou nou kapab diminye risk yo plis.

American Cancer Society (ACS): Diesel exhaust and cancer (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Lafimen dyezèl ak kansè)
Silverman et al.: Diesel Exhaust Causes Lung Cancer – Now What? (Silverman et al.: Èske lafimen dyezèl kapab lakòz kansè – Kounye a Kisa nou Kapab Fè?
Environmental Protection Agency (EPA): EPA to Reexamine Health Standards for Harmful Soot (Ajans pou Pwoteksyon Anviwònman (EPA): EPA pral Egzaminen Ankò Nòm sou Sante ki Gen Rapò ak Swi Ki Danjere a)

Nou te pibliye l:

7 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022