Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Radyasyon Iltravyolè

Sa ou ka tande

Pa genyen yon bwonzaj ki san danje oswa ki bon pou sante a epi pa gen yon bwonzaj debaz ki ka anpeche solèy la boule w (AAD). Bwonzaj la ogmante risk pou gen kasinòm bazoselilè, kasinòm espinoselilè ak melanòm. Melanòm se fòm ki tiye plis moun nan kansè po epi li gen rapò ak lè moun boule nan solèy, espesyalman lè moun lan boule pandan li jèn.

Kisa lasyans di nou

Nenpòt bwonzaj se yon siy ki montre po a gen yon domaj, dapre Sharon Miller, ki se yon syantifik nan Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA) epi li se yon ekspè nan radyasyon Iltravyolè (FDA). Bwonzaj la rive lè nou ekspoze ak radyasyon iltravyolè (UV) epi li domaje kouch ki pi deyò nan selil po a.

Gen de (2) kalite radyasyon iltravyolè ki penetre nan po a: UV-B (ki penetre nan kouch ki anlè po a epi ki responsab pou pifò boule nan solèy), ak UV-A (ki penetre nan kouch ki pi fon nan po a epi ki asosye avèk iritasyon po a). Ni reyon UV-B a ni reyon UV-A domaje po a epi li lakòz moun gen kansè po.

Anplis gwo risk ki genyen pou gen kansè po, lè yon moun bwonze li kapab lakòz ou granmoun anvan lè. Bwonzaj la lakòz po a pèdi nan elastisite l epi li fè l gen rid anvan lè. Bwonzaj (ki rive akoz radyasyon UV-B) kapab lakòz iminodepresyon sa ki pral fè kò a vin gen plis chans pou li pran maladi. Lè moun ekspoze ak radyasyon UV li kapab lakòz domaj pou je yo ki pa trete.

Prèv Epidemyolojik

Anpil etid epidemyolojik te montre lè yon moun itilize kabann pou bwonzaj li ogmante risk pou gen kansè po(Zhang ak lòt.).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Etid ki fèt sou bèt ak etid ki fèt nan laboratwa jeneralman koresponn avèk prèv epidemyolojik ki di lè yon moun ekspoze ak UV li asosye avèk risk pou gen kansè po (Spencer Amonette).

Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè)

Fason pou diminye risk

Evite fè bwonzaj nèt se pi bon fason pou pwoteje po w kont domaj. Si ou toujou vle fè yon bwonzaj, gen plizyè losyon ki fè ou parèt bwonze san ou pa bezwen ale nan solèy. Menm si ou ap pase anpil tan nan solèy, itilize pwoteksyon kont solèy. Li pa janm twò ta pou w kòmanse pwoteje po w. Nan moman ou sispann bwonze a, kò w kòmanse repare kèk domaj reyon UV yo te lakòz (AAD).

Lè ou ap chwazi yon krèm pou solèy, asire w etikèt la ekri yon espèk ki laj, SPF 30 oswa plis, epi li reziste ak dlo. Yon espèk ki laj vle di krèm pou solèy la kapab pwoteje po w alafwa kont reyon UV-A ak reyon UV-B yo. Reziste ak dlo vle di krèm solèy la ap rete sou yon po ki mouye oswa ki gen swe ant 40 jiska 80 minit (AAD).

Krèm solèy ki respekte ekoloji a lakòz mwens domaj ak vi maren an epi li ka yon pi bon chwa pou kèk moun.

Sa nou dwe kenbe

Radyasyon UV ki soti nan solèy la ogmante risk pou gen kansè po. Evite bwonzaj, epi mete krèm solèy ki gen espèk ki laj 30 oswa pi plis lè ou deyò.

Akademi Ameriken pou Dèmatoloji (American Academy of Dermatology, AAD) Asosyasyon: Danje ki gen radyasyon UV (Association: Dangers of UV radiation)
Anne Arundel Dermatology: Stastics on indoor tanning (Dèmatoloji Anne Arundel: Estatistik sou bwonzaj ki fèt anndan)
Food Drug Administration (FDA): Risks of ultraviolet rays (Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA): Risk ki gen nan reyon iltravyolè)
AAD: How to select a sunscreen EcoWatch (AAD: Fason pou chwazi yon krèm solèy EcoWatch)

Nou te pibliye l:

30 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022