Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Radyasyon ki soti nan liy wot tansyon yo kapab lakòz kansè

Sa ou ka tande

Enstiti Nasyonal pou Syans Lasante Anviwònmantal (National Institute of Environmental Health Sciences, NIEHS) nan Etazini risk pou sante ki soti nan radyasyon ki gen frekans ki ba anpil (extremely low frequency, ELF) lakòz yon risk pou sante ki fèb: Radyasyon an pako san danje nèt li toujou gen chans pou li bay moun kansè (ACS, NIEHS).

Kisa lasyans di nou

Radyasyon an egziste atravè yon espèk ki soti nan yon enèji ki wo anpil pou ale nan yon enèji ki ba anpil. Radyasyon ki gen enèji ki wo gen ladan l gen ladan l reyon X ak reyon Iltravyolè. Ni reyon X yo ni reyon Iltravyolè yo gen risk pou domaje selil ki nan ADN la, sa ki kapab mennen ak yon kansè. Liy wot tansyon yo pwodui radyasyon iyonizan ki gen frekans ki ba ki soti nan chan eletrik ak chan mayetik yo. Gen prèv ki limite ki montre lè w ekspoze ak kalite radyasyon sa a li asosye avèk kansè.

Prèv Epidemyolojik

Radyasyon ELF, tankou sa nou jwenn nan liy wot tansyon oswa nan aparèy ki nan kay yo (tankou frijidè ak aspiratè yo) pa gen ase enèji pou domaje ADN. Dapre Sosyete Ameriken pou Kansè, pa gen prèv ki montre lè yon moun ekspoze ak radyasyon ELF li lakòz kansè (ACS). Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (IARC) te jwenn rezilta ki menm jan, men yo te divize radyasyon ELF la an de (2) kategori: elektrik ak mayetik. IARC fè konnen pa gen ase prèv ki pou pèmèt yo konkli si radyasyon ki gen frekans elektrik ki ba anpil kapab bay moun kansè, epi radyasyon ki gen frekans mayetik ki ba anpil gen chans pou bay moun kansè (ACS, IARC). Timoun ki gen yon nivo ekspozisyon ki pi elve gen risk ki yon ti jan pi elve pou gen lesemi konpare ak timoun ki gen yon nivo ekspozisyon ki pi ba (ACS, IARC).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen etid limite ki fèt nan laboratwa sou liy wot tansyon ak risk pou kansè. Gen plis rechèch ki bezwen fèt pou nou kapab pi byen egzaminen relasyon ki gen ant yo de (2).

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase.

Fason pou diminye risk

Li pa sèten pou nou di ekspozisyon ak radyasyon ELF la danjere, men gen etap ou dwe suiv pou diminye ekspozisyon w. NIEHS rekòmande pou moun yo chèche konnen ki kote ekspozisyon ak ELF yo soti epi limite tan nou ap pase bò sous yo. Radyasyon ELF ki soti nan liy wot tansyon yo, pa egzanp, diminye anpil lè distans pa rapò ak liy wot tansyon yo ogmante. Plis ou rete lwen l, se plis ou an sekirite pa rapò ak radyasyon an.

Sa nou dwe kenbe

Li pa sèten pou nou di radyasyon ki gen frekans ki ba anpil lakòz kansè, men li ka reprezante yon ti risk pou sante a. Moun yo dwe suiv etap pou diminye ekspozisyon yo.

American Cancer Society (ACS): Power lines and Extremely Low Energy Radiation (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Liy wot tansyon ak Radyasyon ki gen frekans ki ba anpil)
International Agency for Research on Cancer (IARC): Extremely Low-Frequency (ELF) radiation (Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè: Radyasyon ki gen frekans ki ba anpil)
National Institute of Environmental Health Sciences (NIEHS): Power lines and radiation exposure (Enstiti Nasyonal pou Syans Lasante Anviwònmantal (NIEHS): Wot tansyon ak ekspozisyon ak radyasyon)

Nou te pibliye l:

13 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022