Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè yon moun ekspoze ak plon li lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè yon moun ekspoze ak plon li lakòz kansè.

Kisa lasyans di nou

Plon an se yon danje, kèlkeswa kalite ekspozisyon ak plon (lè w respire l, lè w vale l, oswa lè w absòbe l atravè po a) men kò a absòbe pi gwo nivo plon an lè nou respire l (CDC). Plon nou absòbe a ale estoke nan zo ak tisi yo, konsa kò a kontinye ekspoze ak yon nivo plon ki danjere menm apre yo n premye ekspozisyon. Lè nou kòmanse granmoun, zo yo kòmanse deteryore epi ekspozisyon entèn yo ogmante tout bn; se sa ki rele demineralizasyon anCDC). Fi ki nan menopoz yo fè fas ak demineralizasyon anplis tou.

Men efè sou yon peryòd ki kout ekspozisyon ak plon an ka genyen: doulè nan vant, konstipasyon, tèt fè mal, pèt memwa, doulè nan men ak nan pye, ak feblès. Lè yon moun ekspoze ak yon gwo nivo plon li ka lakòz anemi, feblès, domaj nan ren, domaj nan sèvo, epi li ka menm lakòz lanmò (CDC). Epitou, fi ki ansent ki ekspoze tibebe ki poko fèt lan ak plon ka lakòz tibebe a gen domaj nan sistèm nève. Lè yon moun ekspoze ak plon li kapab lakòz li fè fos kouch, li kapab fè yon timoun ki mouri, epi li ka pa kapab fè pitit (CDC).

Prèv Epidemyolojik

Plon an se yon danje, kèlkeswa kalite ekspozisyon ak plon (lè w respire l, lè w vale l, oswa lè w absòbe l atravè po a), men kò a absòbe pi gwo nivo plon an lè nou respire l (CDC). Plon nou absòbe a ale estoke nan zo ak tisi yo, konsa kò a kontinye ekspoze ak yon nivo plon ki danjere menm apre yo n premye ekspozisyon. Lè nou kòmanse granmoun, zo yo kòmanse deteryore epi ekspozisyon entèn yo ogmante tout bn; se sa ki rele demineralizasyon anCDC). Fi ki nan menopoz yo fè fas ak demineralizasyon anplis tou.

Men efè sou yon peryòd ki kout ekspozisyon ak plon an ka genyen: doulè nan vant, konstipasyon, tèt fè mal, pèt memwa, doulè nan men ak nan pye, ak feblès. Lè yon moun ekspoze ak yon gwo nivo plon li ka lakòz anemi, feblès, domaj nan ren, domaj nan sèvo, epi li ka menm lakòz lanmò (CDC). Epitou, fi ki ansent ki ekspoze tibebe ki poko fèt lan ak plon ka lakòz tibebe a gen domaj nan sistèm nève. Lè yon moun ekspoze ak plon li kapab lakòz li fè fos kouch, li kapab fè yon timoun ki mouri, epi li ka pa kapab fè pitit (CDC).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Etid ki fèt nan laboratwa te siyale plon an lakòz kansè nan ren, kansè nan sèvo (gliyom), ak kansè poumon lakay wonjè yo, epi li aji ansanm avèk lòt pwodui ki bay kansè. Plizyè jounal sou anviwònman te pibliye etid sou efè plon an gen yen sou wonjè yo, epi yo te montre li lakòz timè yo gwosi. Lè sourit la ekspoze pandan anpil tan ak plon li ogmante chans pou li gen kansè poumon. (Vainio).

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Gwoup 2B (li posib pou li bay moun kansè: plon inòganik) ak 3 (Nou pa klase l tankou yon pwodui ki kapab bay moun kansè: plon òganik) ak Gwoup 2A (li posib pou li bay moun kansè: plon).

Fason pou diminye risk

Piga ou ekspoze ak plon ditou. Sa ka vle di pou elimine piti piti itilizasyon plon nan penti yo, elimine itilizasyon plon nan pwodui pou fè menaj, ankouraje moun pou retire plonbri ki gen plon, evite ekspoze ak fatra elektrik ak elektwonik, epi idantifye sit ki kontamine yo (WHO). Si ou konnen ou ekspoze ak plon akoz travay ou, kontwole nivo plon ou gen nan san w pandan ou ekspoze ak plon an nan aktivite pwofesyonèl ou, epi kontwole nivo plon ki nan san pou nenpòt moun ki nan kay la (WHO).

Sa nou dwe kenbe

Lè yon moun ekspoze ak plon li kapab lakòz li gen plizyè maladi grav, tankou kansè, epi nou dwe evite l (CDC).

Centers for Disease Control and Prevention (CDC): Lead (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): Plon)
World Health Organization (WHO): Exposure to lead (Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS): Ekspozisyon ak plon
American Lung Association: Lead (Asosyasyon Ameriken pou Poumon: Plon)
American Cancer Society: Known and probable human carcinogens (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Pwodui yo konnen ki kapab bay moun kansè)

Nou te pibliye l:

30 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022