Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Gen kèk pwodui chimik ki nan penti a ki lakòz moun gen kansè

Sa ou ka tande

Penti ki anndan oswa deyò kay la asosye avèk kansè.

Kisa lasyans di nou

Pwodui chimik ki gen nan penti yo gen milye konpoze chimik. Prensipal solvan òganik yo itilize nan penti yo se toliyèn, zilèn, konpoze alifatik, setòn, alkòl, estè ak estè glikòl. Kantite konpoze òganik ki volatil (VOCs) ki libere yo menm ak sa ki gen nan penti ki fèt ak dlo (Chen ak lòt.).

Moun ki ap travay nan endistri penti ekspoze ak pwodui chimik yo jwenn nan pwodui ki nan penti a pandan y ap pase l ak lè y ap retire l. Nan tan ki pase yo, lè yon moun ekspoze ak sibstans sa yo li te souvan depase limit aktivite pwofesyonèl, men nivo moun ekspoze a diminye anpil pandan tan ap pase.

Prèv Epidemyolojik

Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (IARC) klase ekspozisyon pent yo genyen nan espas travay yo kòm Gwoup 1 akoz gwo risk ki genyen pou yo devlope kansè poumon, kansè vesi, ak mezotelyom (IARC). Men Gwoup ki ap travay nan IARC a pa kapab idantifye okenn ajan patikilye nan penti a ki ogmante risk pou kansè a.

Gen kèk prèv ki montre yon lyen ant lesemi lakay timoun ak ekspozisyon ak pwodui chimik ki gen nan penti a, men gen plis rechèch ki bezwen fèt paske rechèch ki gen aktyèlman bay rezilta ki pa sanble youn ak lòt.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen kèk prèv toksikolojik ki montre sòlvan òganik yo kapab lakòz kansè nan etid ki fèt sou bèt yo. Kèk nan etid sa yo itilize melanj solvan, pou rezon sa a gen rechèch anplis ki dwe fèt pou nou kapab wè si gen yon solvan espesifik ki se kòz prensipal la. Chèchè yo te konkli lè yon moun ekspoze ak sòlvan òganik yo li domaje ADN li. (Lynge ak lòt.).

Klasifikasyon Pwodui ki Lakòz Kansè dapre IARC:Gwoup 1 pou Kadmyòm, Gwoup 2A pou plon inòganik, Gwoup 2A pou estirèn, Gwoup 2 pou Benzèn, Gwoup 3 (pou Zilèn), Gwoup 3 (pou Toliyèn), Gwoup 3 pou Kwom

Tout bagay sa yo se engredyan nou jwenn nan penti.

Fason pou diminye risk

Ekspozisyon ak pwodui chimik ki gen nan penti konstitiye pi gran risk ki gen nan espas travay. Si ou toutan ap travay avèk penti, li enpòtan pou mete mask ak lòt gan pwoteksyon pou evite ekspozisyon. Anplis, pandan premye jou ki vini apre ou fin mete penti a, ou pa dwe rete pre l epi ou dwe ogmante lè ki ap rantre nan espas anndan an (Chen ak lòt.). Pa pentire kay ou pandan ou ansent.

Sa nou dwe kenbe

IARC klase ekspozisyon ak penti nan espas travay nan Gwoup 1 pwodui ki kapab bay moun kansè. Si ou ekspoze toutan ak penti yo fèk mete, asire w ou mete yon mask, travay nan yon espas kote lè rantre byen, oswa itilize lòt mezi pwoteksyon.

International Research Agency on Cancer (IARC): Occupational exposure as a painter (Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (IARC): pent ki ekspoze ak penti nan espas travay yo)
Chen et al.: A meta-analysis of painting exposure and cancer mortality (Chen ak lòt.: Yon meta-analiz sou ekspozisyon ak penti ak lanmò kansè lakòz)
American Lung Association: Volatile Organic Compounds (Asosyasyon Ameriken pou Poumon: Konpoze Òganik ki Volatil)

Nou te pibliye l:

7 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022