Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè yon moun ekspoze ak radon li lakòz kansè poumon

Sa ou ka tande

Gaz radon an lakòz moun gen kansè.

Kisa lasyans di nou

Radon an se yon gaz ki pa gen koulè, li se yon gaz ki pa gen odè, apre yon ekspozisyon sou yon peryòd ki long li kapab lakòz moun gen kansè. Radon an dekonpoze an eleman radyoyaktif nan lè a, kò a pral a absòbe.

Òganizasyon nasyonal ak entènasyonal yo konsidere Radon an tankou yon pwodui ki kapab bay moun kansè, li gen ladan l Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (IARC), Pwogram Nasyonal Toksikoloji (NTP), ak Ajans Pwoteksyon pou Anviwònman nan Etazini (EPA) (ACS). Sigarèt moun fimen se byen lwen pwodui ki plis lakòz moun gen kansè poumon nan Etazini, men ekspozisyon ak radon se dezyèm pwodui ki plis lakòz li (ACS).

Kiyès ki gen risk pou ekspoze ak radon an? Moun ki ap travay nan espas ki anba tè, espesyalman moun ki gen nan min yo gen pi gwo risk pou ekspoze ak radon. Li vre tou pou moun ki ap travay nan izin ki ap fè tretman iranyòm oswa ki an kontak ak angrè ki gen fosfat. Sa ki lakòz gwoup sa yo gen yon chans ki pi elve pou devlope kansè poumon. Yo dwe pran prekosyon epi fè tès depistaj yon fason regilye (ACS).

Prèv Epidemyolojik

Nan yon dokiman ki egzaminen 13 etid epidemyolojik ki fèt atravè Ewòp, yo te konkli lè yon moun ekspoze ak radon pandan yon peryòd ki long li ogmante risk pou gen kansè poumon (Darby ak lòt.).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen plizyè etid ki fèt nan laboratwa ki itilize rat ak chyen ki te montre ekspozisyon ak radon kapab lakòz devlopman kansè poumon(Konsèy Nasyonal pou Rechèch (Etazini) ki gen Komite ki ap gade pou Efè Biyolojik pou Radyasyon Iyonizasyon an). Gen plizyè lòt etid ki fèt sou bèt ki konfime rezilta ki fèt sou moun ki montre yon ekspozisyon ki elve ak radon kapab mennen ak devlopman yon timè nan poumon (NCI).

Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè)

Fason pou diminye risk

Kòm radon an nan lè, nou pa kapab elimine ekspozisyon nou gen avèk li a nèt. Sepandan, men kèk etap ou kapab suiv pou diminye risk ou an:

  • Lè w lakay ou: Teste nivo radon (EPA) ki gen lakay ou pandan ou ap achte yon kit pou fè l poukont ou oswa angaje yon pwofesyonèl pou teste nivo radon an pou ou. Lè nivo radon an pi plis pase 4.0 pCi/L yo konsidere l danjere pou moun. Epitou, ou ka diminye ekspozisyon w pandan ou ap bouche fisi ki gen nan mi oswa atè a, oswa pandan ou ap ogmante lè ki ap rantre gras ak vantilatè ak tiyo.
  • Nan espas travay ou: OSHA ak NRC suiv etap pou diminye ekspozisyon ak radon pou moun ki ap travay nan min ki anba tè yo (ACS).

Si ou ekspoze ak radon epi ou se yon moun ki konn fimen, ekspè yo rekòmande pou kite oswa diminye nan konsomasyon sigarèt. Sa kapab diminye yon fason ki estrik chans pou devlope kansè poumon (ACS).

Anplis, pale avèk doktè nan vizit suivi ak tès ou fè yon fason regilye pou gade siy ki posib pou kansè poumon. Pami kèk sentòm kansè poumon nou dwe gade se souf kout, yon tous ki fèk pran w oswa ki vin pi mal, yon doulè oswa yon presyon sou pwatrin ou, ou anwe oswa ou gen difikilte pou vale (ACS).

Sa nou dwe kenbe

Ekspozisyon ak radon se dezyèm pwodui ki plis lakòz moun gen kansè poumon, apre fimen sigarèt. Lè w diminye kantite sigarèt ou ap fimen epi ou asire w espas travay ou respekte estanda nasyonal pou nivo radon se fason ki efikas pou diminye risk pou gen kansè poumon.

American Cancer Society (ACS): Radon and cancer (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Radon ak kansè)
Environmental Protection Agency (EPA): Radon (Ajans pou Pwoteksyon Anviwònman (EPA): Radon)
Centers for Disease Control and Prevention (CDC): Radon (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): Radon)

Nou te pibliye l:

6 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022