Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Kabann pou bwonzaj yo lakòz moun gen kansè
Sa ou ka tande
Dapre yon etid Komite sou Enèji ak Komès ki nan Chanm Reprezantan (House of Representatives Committee on Energy and Commerce) Etazini a fè nan lane 2012, yo fè konnen 90% anplwaye ki nan salon pou bwonze yo te bay fo enfòmasyon konsènan gwo risk ki genyen lè moun bwonze anndan, epi yo te fè fo deklarasyon sou avantaj pou sante ki genyen lè yon moun bwonze anndan (AAD).
Kisa lasyans di nou
Nan tout monn lan, gen plis ka kansè po ki rive akòz bwonzaj ki fèt anndan kabin pase ka kansè poumon ki rive akòz tabak (SCF). Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (IARC) te deplase bwonzaj ki fèt anndan pou mete l nan kategori ki gen plis risk pou bay kansè: ki kapab bay moun kansè (FDA).
Menm si li fèt anndan oswa deyò, bwonzaj la se yon siy vizyèl pou domaj ki fèt nan ADN la epi ki parèt sou po w. Bwonzaj la rive lè nou ekspoze ak radyasyon iltravyolè (UV) epi li domaje kouch ki pi deyò nan selil po a. Pa genyen yon bwonzaj ki “san danje” oswa “ki bon pou sante a”AAD). Gen plis prèv ki ap montre moun kapab vin adikte ak bwonzaj la. Pami fanm blanch ki gen 18 jiska 30 lane ki itilize bwonzaj ki fèt anndan an, 20% nan yo montre siy kote yo adikte.AAD).
Prèv Epidemyolojik
Dapre Skin Cancer Foundation, lè yon moun fè yon sèl seyans bwonzaj ki fèt anndan anvan li gen 35 lane, li ogmante a gen 75% risk pou devlope yon melanòm ki kapab lakòz lanmò (SCF). Bwonzaj la ogmante risk pou gen kasinòm bazoselilè, kasinòm espinoselilè tou.
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Rezilta etid ki fèt sou bèt yo jeneralman apiye obsèvasyon ki soti nan etid epidemyolojik yo ki montre lè yon moun ekspoze ak reyon Iltravyolè li asosye avèk risk pou kansè po (Gober ak lòt.).
Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè)
Fason pou diminye risk
Evite fè bwonzaj nèt se pi bon fason pou pwoteje po w kont domaj. Si ou toujou vle fè yon bwonzaj, gen plizyè losyon ki fè ou parèt bwonze san ou pa bezwen ale nan solèy.
Si ou pase tan nan solè, itilize pwoteksyon kont solèy, li pa janm twò ta pou w kòmanse pwoteje po w. Nan moman ou sispann bwonze a, kò w kòmanse repare kèk domaj reyon UV yo te lakòz (AAD).
Lè ou ap chwazi yon krèm pou solèy, asire w etikèt la ekri yon espèk ki laj, SPF 30 oswa plis, epi li reziste ak dlo. Yon espèk ki laj vle di krèm pou solèy la kapab pwoteje po w alafwa kont reyon UV-A ak reyon UV-B yo epi rezistan ak dlo vle di krèm solèy la ap rete sou yon po ki mouye oswa ki gen swe ant 40 jiska 80 minit (AAD).
Sa nou dwe kenbe
Bwonzaj ki fèt anndan (ansanm ak bwonzaj ki fèt deyò) ogmante risk pou gen kansè po, li gen ladan l melanòm, kasinòm bazoselilè, kasinòm espinoselilè, epi nou dwe evite l.
Men sous ak lyen pou jwenn plis enfòmasyon
Skin Cancer Foundation (SCF): Indoor tanning (Skin Cancer Foundation (SCF): Bwonzaj ki fèt anndan)
American Academy of Dermatology (AAD) Association: Indoor tanning (Akademi Ameriken pou Dèmatoloji (AAD); Bwonzaj ki fèt anndan)
Anne Arundel Dermatology: Tanning statistics (Anne Arundel Dermatology: Estatistik sou Bwonzaj)
Mayo Clinic: Tanning bed Q
Food Drug Administration (FDA): Risks of ultraviolet rays (Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA): Risk ki gen nan reyon iltravyolè)
American Academy of Dermatology (AAD): How to select a sunscreen (Akademi Ameriken pou Dèmatoloji (AAD): Fason pou chwazi yon krèm solèy)
Nou te pibliye l:
30 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022