Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Bakteri ki anndan mask yo ak oksijèn ki manke lè w mete mask yo kapab lakòz kansè poumon

Sa ou ka tande

Lè w mete mask li ogmante risk pou kansè.

Kisa lasyans di nou

Gen plizyè eksperyans ki montre lè yon moun mete mask sou yon peryòd ki long li pa gen efè sou risk pou gen kansè. Te gen plizyè lòt etid ki te demanti etid ki te fè fo akizasyon sa a an premye sou mask yo (Moffitt Cancer Center (Sant pou Kansè Moffitt)). Asosyasyon Ameriken pou Poumon (American Lung Association) te fè konnen pa gen okenn verite nan deklarasyon an (ALA).

Prèv Epidemyolojik

Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi te reponn deklarasyon an, lè li fè konnen lè nou mete mask li pa lakòz okenn risk pou sante a, epi li enpòtan pou pwoteje moun yo kont COVID-19. Lè w mete yon pwoteksyon pou vizaj li ede pwoteje lòt moun yo lè ou ap touse, etène, oswa pale, epi li anpeche w voye ti gout krache nan lè a (ALA). Gen anpil moun ki pa konnen si yo enfekte ak COVID-19 epi yo simaye l san yo pa konnen bay lòt moun. Pou rezon sa a, li enpòtan pou mete yon mask pou diminye pwopagasyon maladi a. Pa gen okenn prèv nan etid epidemyolojik yo ki fè konnen lè ou mete yon mask li asosye avèk kansè.

Prèv ki soti nan Laboratwa

Pa gen okenn prèv ki soti nan laboratwa ki fè konnen lè ou mete yon mask li asosye avèk devlopman kansè.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase

Fason pou diminye risk

Lè ou ap chwazi mask ou an li enpòtan pou mask ou chwazi a pa twò pwès konsa ou ap pi alèz pou respire. Gen anpil chans pou filtè yo pa nesesè epi li ka fè ou pa alèz ak mask yo. Pi bon mask la se mask N-95 la, li efikas a 95% epi li pwoteje moun ki mete l la pandan li anpeche l respire patikil viral (ALA). Mask chirijikal yo mwens efikas epi mask an twal pi pa efikas pase yo. Malgre sa, menm yon rediksyon 50% nan transmisyon an esansyèl pou diminye pwopagasyon COVID-19 la (ALA).

Nenpòt mask ou mete, asire w li nèf epi li esteril. Si lè w mete yon mask li bay difikilte pou respire, eseye ale nan yon espas ki deyò epi rete lwen moun pou w kapab rejwenn respirasyon w (CDC).

Sa nou dwe kenbe

Lè nou mete mask li pa lakòz nou gen kansè epi li enpòtan pou nou mete mask pou anpeche maladi enfektyez (tankou COVID-19) pwopaje.

Centers for Disease Control and Prevention (CDC): Masks (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): Mask yo)
Moffitt Cancer Center: Mask wearing (Sant pou Kansè Moffitt: Mete Mask)
American Lung Association: Masks (Asosyasyon Ameriken pou Poumon: Mask yo)

Nou te pibliye l:

7 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022