Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè w itilize tanpon ki gen diyoksid titàn li kapab lakòz kansè

Sa ou ka tande

Ou te wè yon videyo ki popilè sou TikTok ki deklare tanpon yo gen yon engredyan ki rele diyoksid titàn, ki responsab nan ogmante risk kansè.

Kisa lasyans di nou

Yo itilize diyoksid titàn la kòm yon pigman ki nan fil ki tache nan tanpon yo. Yo itilize mwens pase 0.1% diyoksid titàn nan engredyan total ki gen nan tanpon yo. Kòm ekspozisyon an ba anpil, li vrèman pa gen anpil chans pou li lakòz moun gen kansè.

Prèv Epidemyolojik

Aktyèlman, pa gen gwo kalite etid epidemyolojik ki etabli yon lyen ant diyoksid titàn lan avèk ogmantasyon risk pou kansè.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen yon etid ki te fèt nan laboratwa ki te gade relasyon ki genyen ant ekspozisyon rat yo ak diyoksid titàn. Yo te wè lè rat yo ekspoze ak yon gwo nivo diyoksid titàn, yo devlope kansè poumon (Driscoll).

Klasifikasyon Pwodui ki Lakòz Kansè dapre IARC: 2B (Ki gen posibilite pou lakòz kansè lakay moun)

Fason pou diminye risk

Ou kapab chwazi diminye ekspozisyon w ak diyoksid titàn la pandan ou ap itilize tanpon ki san koloran, san pafen ak san pwodui pou blanchi.

Sa nou dwe kenbe

Dapre prèv nou genyen aktyèlman, ekspozisyon ak diyoksid titàn ki nan tanpon yo pa lakòz kansè.

Titanium Dioxide in Tampons: Debunked by OB-GYNs (Diyoksid Titàn ki nan tanpon yo: Obstetrisyen ak Jinekològ yo te demanti sa)

Nou te pibliye l:

22 out 2022
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022