Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Kas telefòn bloutouf oswa kas telefòn san fil yo kapab lakòz moun gen kansè

Sa ou ka tande

Avèk entwodiksyon ak ogmantasyon kantite moun ki ap itilize teknoloji bloutouf la, anpil moun gen enkyetid konsènan efè yo kapab genyen sou yon peryòd ki long ak risk kansè.

Kisa lasyans di nou

Akoz teknoloji sa fè k parèt, chèchè yo pa t gen ase tan pou etidye chans ki genyen pou gen korelasyon ant kansè ak kas telefòn bloutouf. Sepandan, kòm radyasyon yo jwenn nan kas telefòn bloutouf yo se sèlman 1/10zyèm nan sa ki nan telefòn selilè a, pa gen anpil rezon pou nou enkyete sou sa. Aparèy sa yo bay on RF (Radyofrekans) ki se yon fòm radyasyon ki pa iyonize. Sa a vle di yo pa gen ase enèji pou domaje dirèkteman ADN ki anndan selil yo epi lakòz kansè (ACS, NCI).

Prèv Epidemyolojik

Gen anpil etid ki te fè rechèch sou fòmasyon timè ak itilizasyon selilè; sepandan, rezilta yo pa gen konklizyon(NCI). Pifò òganizasyon entènasyonal yo konsidere itilizasyon telefòn reprezante sèlman yon risk potansyèl pou kansè, epi pou pi piti, prèv ki genyen yo pa ase pou kòmante. Telefòn yo bay onn RF (Radyofrekans) ki se yon fòm radyasyon ki pa iyonize.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Aktyèlman, pa gen prèv ki soti nan laboratwa ki sijere kas telefòn bloutouf yo genyen lyen ak kansè.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 3 (Nou pa klase yo kòm pwodui ki kapab bay moun kansè: radyofrekans ki nan chan elektwomayetik).

Fason pou diminye risk

Avèk ti kantite rechèch ki pibliye sou sijè a, syantifik yo pa sèten sou pi bon fason pou diminye risk ou an, ou kapab sèlman limite kantite tan ou ap pase avèk yon kas telefòn san fil (NCI).

Sa nou dwe kenbe

Kas telefòn bloutouf oswa kas telefòn san fil yo pa gen anpil chans pou ogmante risk kansè; sepandan lè w limite nan kantite tan ou itilize yo, oswa lè w pa mete telefòn la bò tèt ou, li kapab asire sekirite w jiskaske rechèch la fini.

National Cancer Institute (NCI): Electromagnetic Fields and Cancer (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Chan Elektwomayetik ak kansè)
Dana-Farber Cancer Institute: Do Wireless Headphones Cause Cancer? (Dana-Farber Cancer Institute: Èske Kas Telefòn San Fil yo Lakòz Kansè?)

Nou te pibliye l nan dat:

7 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022