Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Pwodui ki anpeche moun transpire kapab lakòz kansè tete

Sa ou ka tande

Pwodui ki anpeche moun transpire ak deyodoran yo gen pwodui ki lakòz kansè moun absòbe, espesyalman apre li fin raze.

Kisa lasyans di nou

Pwodui ki anpeche moun transpire yo klase tankou medikaman ki ede diminye kantite swè yon moun pwodui. Glann ekrin lan pwodui swè yo epi pwodui ki anpeche moun transpire yo kapab bloke pwodiksyon swè an lè nou itilize pwodui ki fèt ak baz aliminyòm (WebMD). Deyodoran yo fèt pou anpeche kò a gen odè oswa pou kouvri odè kò a. Syantifik yo ap etidye si pafen, konsèvatè ak lòt engredyan ki gen nan pwodui ki anpeche moun transpire ak deyodoran yo ka ogmante risk pou gen kansè tete. Gen rechèch ki toujou ap fèt sou kesyon ki genyen pou konnen si gen yon diferans nan risk ki genyen pou fi ki raze anba bra yo, oswa ki itilize pwodui ki anpeche moun transpire oswa deyodoran ki gen aliminyòm.

Deyodoran natirèl yo toujou ap di yo pi bon pase deyodoran tradisyonèl yo. Sepandan, pa gen okenn prèv ki montre deyodoran regilye yo pi pa bon pou sante w pase deyodoran natirèl yo (NY Times). Epitou, engredyan ki nan deyodoran natirèl yo pa pi bon pou mikwobyom ou epi yo ka mwens efikas pase sa ki nan deyodoran tradisyonèl lan (NY Times).

Prèv Epidemyolojik

Gen plizyè teyori ki fè sijesyon sou fason pwodui ki anpeche moun transpire ak deyodoran yo ka lakòz kansè tete. Etid ki pi resan ki fèt sou pwodui ki anpeche moun transpire oswa deyodoran yo ak kansè tete pa t montre prèv pou nou fè yon lyen (Osto 2022). Sepandan, etid yo te montre rezilta ki diferan, sa ki fè gen lòt etid ki nesesè pou konfime done nou genyen kounye a.

Nan lane 2004, Sosyete Ameriken sou Kansè remake nan yon etid ki te fèt prezans parabèn nan tisi ki nan kansè tete a, yo gen fonksyon ki fèb ki sanble ak estwojèn yo. Estwojèn lan fèt natirèlman nan kò a (oswa li fèt atravè òmòn ranplasman) yo pi fò, epitou yo jwe yon pi gwo wòl nan risk pou kansè tete.

Sijè sa a te kapte atansyon moun nan lane 2021 lè yon etid te montre yo jwenn parabèn, ki se yon konsèvatè yo itilize nan deyodoran yo epi ki ap kopye estwojèn lan nan timè nan tete yo. Syantifik yo pa sèten sou kisa etid sa a vle di nan devlopman kansè tete aNCI).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen yon etid ki fèt sou bèt ki egzamine absòbsyon aliminyòm ki gen nan deyodoran epi ki montre kèk prèv kote kwomozom yo kase (Tenan et al.). Sepandan, rechèch ki fèt aktyèlman yo limite. Gen rechèch anplis ki dwe fèt pou nou kapab konnen plis sou relasyon ki genyen ant pwodui ki anpeche moun respire ak risk pou kansè.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa Klase

Fason pou diminye risk

Gen anpil faktè risk ki gen rapò ak kansè tete nou konnen. Li klè lè yon moun bwè alkòl li ogmante risk pou gen kansè tete, epi risk la ogmante avèk kantite alkòl moun lan konsome. Fi ki konsome yon (1) bwason ki gen alkòl pa jou gen yon ti ogmantasyon (7 jiska 10 %) konpare avèk moun ki pa bwè yo. Risk sa a ogmante jiska 20% lakay fi ki bwè 2 jiska 3 bwason ki gen alkòl pa jou (ACS).

Yon lòt faktè risk nou konnen se lè w vin gen twòp pwa oswa obezite apre menopoz. Espesyalman, nou konnen lè yon fi fè menopoz, pifò estwojèn fi a soti nan tisi ki kenbe grès lan (tisi adipe). Lè w gen twòp grès li kapab ogmante nivo estwojèn lan epi ogmante risk pou gen kansè tete. Fi ki gen twòp pwa oswa ki obèz apre menopoz la gen tandans pou yo gen yon nivo ensilin ki pi elve, sa ki gen lyen avèk kèk kansè tou. Nou kapab redui faktè risk sa yo gras ak aktivite fizik ak yon rejim alimantè ki bon pou sante a, sa ki diminye risk pou kansè tete (ACS).

Sa nou dwe kenbe

Pafwa deyodoran ak pwodui ki anpeche moun transpire yo gen engredyan ki gen rapò ak kansè. Gen kèk etid ki fèt sou pwodui ki anpeche moun transpire ki montre rezilta ki diferan, pou rezon sa a gen plis rechèch ki bezwen fèt.

NY Times: Natural deodorants and cancer (NY Times: Deyodoran natirèl ak kansè)
Nature: Breast cancer and deodorant (Nati: Kansè tete ak deyodoran)
American Cancer Society (ACS): Lifestyle-related breast cancer risk factors (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Faktè risk pou kansè tete ki gen rapò ak fason nou viv)
ACS: Breast cancer risk factors you cannot change (ACS: Faktè risk pou kansè tete nou pa kapab chanje)
National Cancer Institute (NCI): Antiperspirants and breast cancer (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Pwodui ki anpeche moun transpire ak kansè tete)
Willhite et al., Systematic Review of Exposure to Aluminum (Willhite et al., Egzamen Sistematik sou Ekspozisyon ak Alimyòm)
Difference Between Deodorant and Antiperspirants (Diferans Ant Deyodoran ak Pwodui ki anpeche moun transpire)
Aluminum Enters Mammalian Cells and Destabilizes Chromosome Structure and Number (Aliminyòm lan Rantre nan Selil Mamifè a epi li Destabilize Estrikti ak Kantite Kwomozom lan)

Nou te pibliye l nan dat:

27 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022