Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Boutèy pou flite bèt nuizib yo lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè w itilize boutèy pou flite bèt nuizib ki gen DEET li kapab lakòz kansè

Kisa lasyans di nou

Pifò enkyetid konsènan boutèy pou flite bèt nuizib yo rive akoz youn (1) nan engredyan nou jwenn pi souvan ladan yo ki se: N,N-dyetil-meta-toliyamid, yo abitye rele l DEET. DEET a bay boutèy pou flite bèt nuizib yo yon gwo sant pwodui chimik, se li menm nou itilize pou pouse ensèk ki ap mòde nou, tankou moustik, tik ak pis.

Prèv Epidemyolojik

Ajans Pwoteksyon Anviwònman (EPA) te fè konnen DEET a pa yon pwodui ki bay moun kansè. Lè yon moun ekspoze a gwo kantite DEET, tankou nan espas kote y ap jete pwodui chimik, li ka lakòz domaj nan sistèm nève santral la. Prèv anplis ki konsène risk kansè a pa klè.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen kèk etid ki fèt sou bèt ki montre lè yo ekspoze ak DEET a li ogmante risk kansè a (NPIC). Sepandan, gen pi gwo etid ki fèt sou bèt sou yon peryòd suivi ki pi long ki te montre pa gen ogmantasyon timè lè yo ekspoze ak boutèy pou flite bèt nuizib ki gen DEET a (ATSDR).

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase.

Fason pou diminye risk

Toujou itilize boutèy pou tiye bèt nuizib yo jan yo mande pou fè sa. Toujou mete pwodui pou pouse bèt nuizib la sou po ki ekspoze a epi/oswa sou rad ki ekspoze a, epi pa aplike l pre je w oswa pre bouch ou. Lè w ap itilize boutèy pou flite a, pa flite l dirèkteman sou figi w —flite l nan men w anvan, epi apresa mete li sou figi w.

EPA apwouve itilizasyon pwodui pou pouse bèt nuizib ki pa gen DEET. Pa egzanp yon lòt engredyan ki gen nan pwodui pou pouse bèt nuizib ak pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo se pèmetrin. Ajans pou Pwoteksyon Anviwònman (EPA) te fè konnen nou kapab itilize pèmetrin la (ak pwodui chimik ki asosye yo resmeterin ak d-fenotrin) pou goumen ak moustik nan kad kontwòl sante piblik san sa pa lakòz risk ki pa rezonab pou sante moun (EPA). Altènativ sa kapab ba ou kè poze si ou ta pito evite DEET a. Aplikasyon ki rele Detox Me bay plizyè konsèy pou ede ou chwazi pwodui ki san danje.

Sa nou dwe kenbe

Pwodui pou pouse ensèk ki gen DEET pa gen efè ki lakòz kansè lakay moun, men gen lòt chwa ki pa gen DEET ki disponib.

National Pesticide Information Center: DEET General Fact Sheet (Sant Nasyonal pou Enfòmasyon sou Pwodui pou Elimine Bèt Nuizib: Fèy Enfòmasyon Jeneral sou DEET)
Roswell Park Comprehensive Cancer Center: Bug spray and cancer (Roswell Park Comprehensive Cancer Center: Boutèy pou flite ak kansè)
Environmental Protection Agency (EPA): DEET (Ajans pou Pwoteksyon Anviwònman (EPA): DEET)
EPA: Permethrin (EPA: Pèmetrin)
EPA: Mosquito control (EPA: Kontwòl Moustik)
ATSDR: DEET

Nou te pibliye l:

7 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022