Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Avòtman ki pwovoke lakòz kansè

Sa ou ka tande

Fi ki fè avòtman ki pwovoke gen pi gwo risk pou devlope kansè tete.

Kisa lasyans di nou

Nivo òmòn yo chanje anpil pandan gwosès la epi li diminye kantite sik manstriyèl fi a genyen, sa ki afekte risk pou gen kansè tete (ACS). Yo kwè avòtman an entewonp sik nòmal òmòn yo pandan gwosès la. Gen plizyè kalite avòtman, epi chak gen yon relasyon ki diferan tou piti avèk risk pou kansè. Avòtman ki pwovoke a se yon pwosedi medikal ki fèt pou kanpe yon gwosès.

Prèv Epidemyolojik

Se nan lane 1990 etid ki pi enpòtan sou sijè sa a te fèt, epi chèchè yo te wè avòtman ki pwovoke a pa gen yon efè global sou risk pou gen kansè tete (ACS, ACOG). Yo te vin konfime asosyasyon sa a nan omwen sis (6) lòt gwo etid ki fèt atravè monn lan. Avòtman ki fèt britsoukou, oswa fos kouch, se lè yon moun pèdi fetis lan senk (5) mwa (20 semèn) apre gwosès lan. Yo te jwenn pa gen okenn relasyon ant avòtman ki fèt britsoukou ak risk pou kansè tete. Risk pou kansè tete a pi ba lakay fi ki gen yon gwosès ki rive nan fen anvan laj 30 lane, epi risk pou kansè tete a diminye avèk kantite gwosès moun lan rive fini.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Pa gen okenn prèv ki soti nan laboratwa ki montre moun ki fè avòtman (medikal) ki pwovoke ogmante risk pou gen kansè.

Fason pou diminye risk

Gen plizyè faktè risk nou konnen pou kansè tete. Li klè lè yon moun bwè alkòl li gen lyen ak ogmantasyon risk pou gen kansè tete, epi risk la ogmante avèk kantite alkòl moun lan konsome. Fi ki konsome yon bwason ki gen alkòl pa jou gen yon ti ogmantasyon (7 jiska 10 %) konpare avèk moun ki pa bwè yo. Risk sa a ogmante jiska 20% lakay fi ki bwè 2 jiska 3 bwason ki gen alkòl pa jou (ACS).

Yon lòt faktè risk nou konnen se lè w vin gen twòp pwa oswa lè w obèz. Espesyalman, nou konnen lè yon fi fè menopoz, pifò estwojèn fi a soti nan tisi ki kenbe grès lan (tisi adipe). Lè w gen twòp grès li kapab ogmante nivo estwojèn lan epi ogmante risk pou w devlope kansè tete. Fi ki gen twòp pwa oswa ki obèz gen tandans pou yo gen yon nivo ensilin ki pi elve, sa ki gen lyen avèk kèk kansè tou (ACS). Nou kapab diminye toulède risk sa yo avèk 150 jiska 300 minit aktivite fizik ak yon rejim alimantè ki bon pou sante a, sa ki diminye risk pou kansè tete (ACS).

Sa nou dwe kenbe

Ni avòtman (medikal) pwovoke ni avòtman ki fèt britsoukou pa sanble ogmante risk pou gen kansè tete.

American Cancer Society (ACS): Lifestyle-related breast cancer risk factors (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Faktè risk pou kansè tete ki gen rapò ak fason nou viv)
ACS: Breast cancer risk factors you cannot change (ACS: Faktè risk pou kansè tete nou pa kapab chanje)
ACS: Abortion and breast cancer (ACS: Avòtman ak kansè tete)
American College of Obstetricians and Gynecologists (ACOG): Abortion and cancer risk (Kolèj Ameriken pou Obstetrisyen ak Jinekològ (ACOG): Avòtman ak risk pou kansè)

Nou te pibliye l:

30 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022