Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Konprime ki pou kontwole kantite timoun n ap fè (kontraseptiv moun pran nan bouch) lakòz kansè

Sa ou ka tande

Moun ki pran konprime ki pou kontwole kantite timoun l ap fè ogmante risk pou gen kansè

Kisa lasyans di nou

Yo itilize konprime ki pou kontwole kantite timoun n ap fè pou anpeche moun ansent epi li gen de (2) òmòn: estwojèn ak pwojestewòn ki ede kontwole sik manstriyèl la (Cleveland Clinic). Konprime ki pou kontwole kantite timoun n ap fè a anpeche yon moun ansent pandan li kanpe ovilasyon an epi li anpeche espèm la rantre nan kòl matris la. Yo plis preskri moun kontraseptif moun pran nan bouch (yo souvan rele l “konprime a” pou fè pi senp, oswa “kontrasepsyon”) nan Etazini.

Prèv Epidemyolojik

Prèv ki konsène lyen ki genyen ant konprime ki pou kontwole kantite timoun n ap fè ak kansè diferan, daprè ki kalite kansè a: kontraseptif moun pran bouch ogmante tou piti risk pou gen kansè nan tete ak nan kòl matris, men li diminye risk kansè nan andomèt, ovè, ak kansè kolorektal.

  • Tete: Fi ki itilize kontraseptif moun pran nan bouch deja gen yon ti ogmantasyon 7% konpare ak fi ki pa janm pran kontraseptif moun pran nan bouch. Fi ki ap itilize kontraseptif moun pran nan bouch aktyèlman gen yon ogmantasyon risk ki se 24%. Risk pou kansè nan tete a ogmante tou avèk tan moun lan fè ap pran konprime a (NCI).
  • Kòl matris: Fi ki itilize kontraseptif moun pran nan bouch pandan 5 lane oswa plis gen pi gwo risk pou gen kansè nan kòl matris pa rapò ak fi ki pa janm itilize konprime ki pou kontwole kantite timoun l ap fè. Plis yon fi itilize kontraseptif moun pran nan bouch, plis li gen risk pou gen kansè kòl matris (NCI).
  • Andometriyal (Iterin): Fi ki pa janm itilize kontraseptif moun pran nan bouch gen yon risk ki diminye a 30% pou yo gen kansè nan andomèt(NCI). Efè pwoteksyon sa a kontinye pandan plizyè ane apre fi a sispann itilize konprime moun pran nan bouch.
  • Ovè: Lè yon moun pran kontraseptif yo pran nan bouch li diminye soti 30 jiska 50% risk pou gen kansè nan ovè pa rapò ak yon fi ki pa janm itilize kontraseptif moun pran nan bouch (NCI). Pwoteksyon sa a ogmante avèk kantite tan moun lan fè ap pran kontraseptif yo pran nan bouch la.
  • Kolokteral: Kontraseptif moun pran nan bouch lan diminye risk pou gen kansè kolorektal soti 15% jiska 20% (NCI).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Nan etid ki fèt nan laboratwa ak sou bèt pou gade ekspozisyon ak òmòn montre efè sou selil ak tisi yo ki jeneralman koresponn avèk prèv epidemyolojik lan.

Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè)

Fason pou diminye risk

Anvan ou pran yon desizyon, pale avèk doktè w sou tout chwa kontraseptif yo ak risk ki kapab genyen. Laj ou, pwa w, ak istwa repwodiktif ou ak istwa fanmi w ka fè ou gen risk pou gen kèk kansè jinekolojik. Konprime ki pou kontwole kantite timoun n ap fè ka ogmante risk fi yo genyen pou gen lòt pwoblèm sante, tankou boul san, maladi kè, ak estwòk(MD Anderson).

Gen pi gwo faktè risk pou kansè pase kontraseptif moun pran nan bouch. Pa egzanp, pifò ka kansè kòl matris rive akòz papiyomaviris imen an (human papillomavirus, HPV) pase lè moun pran konprime a, epi pifò ka kansè nan tete rive akoz yon rejim alimantè ki pòv ak lè moun lan pa fè anpil egzèsis fizik pase konprime moun pran nan bouch (MD Anderson).

Pou fini, gen anpil lòt opsyon kontraseptif ki p ap afekte risk pou gen kansè. Pa egzpanp, aparèy yo mete andan matris la epi ki pa gen òmòn (non-hormonal intrauterine devices, IUD) se yon ti aparèy ki an metal oswa plastik jinekològ la mete anndan matris la pou anpeche w ansent (MSK).

Sa nou dwe kenbe

Kontraseptif moun pran bouch ogmante tou piti risk pou gen kansè nan tete ak nan kòl matris, men li diminye risk kansè nan andomèt, kansè nan ovè, ak kansè kolorektal. Pale avèk doktè w pou nou kapab jwenn kontraseptif ki pi bon pou ou a.

National Cancer Institute (NCI): Oral contraceptives (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI):kontraseptif moun pran nan bouch)
MD Anderson: Cancer and the pill (Doktè Anderson: Kansè ak konprime a)
Memorial Sloan Kettering (MSK): Birth control and cancer risk (Memoryal Sloan Kettering (MSK): Konprime pou kontwole kantite timoun n ap fè ak risk pou kansè)

Nou te pibliye l nan dat:

29 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022