Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Tretman pou ranplasman òmòn kapab lakòz kansè
Sa ou ka tande
Fi ki ap suiv yon tretman pou ranplasman òmòn ka gen yon pi gwo risk pou devlope kansè tete.
Kisa lasyans di nou
Gen divès kalite tretman pou ranplasman òmòn (HRT), li gen ladan l estwojèn sèlman, estwojèn + pwojestewòn (ki konbine), oswa tretman pou ranplasman òmòn ki byoidantik.
Estwojèn. Menm si tretman pou ranplasman òmòn ki fèt avèk estwojèn la kapab pou kont li amelyore sentòm menopoz epi li ka diminye risk pou gen kansè tete lakay moun ki pa gen istwa familyal pou kansè tete, li ogmante risk pou gen kansè andomèt (pati ki anndan matris la) (ACS). Risk pou gen kansè andomèt la rete pi wo pase sa ki nòmal menm apre ou kanpe tretman an.
Estwojèn + pwojestewòn (ki konbine). Epitou, ou ka trete sentòm menopoz la avèk tretman ki gen estwojèn ak pwojestewòn, nou konn li kòm yon tretman ki fèt ak òmòn ki konbine. Plis yon moun itilize HRT a, plis risk la vin pi elve. Risk la retounen nòmal nan delè twa (3) ane apre moun lan kanpe òmòn yo, pou rezon sa a gen yon avantaj nan kanpe HRT a si yon fi te kòmanse ak tretman an deja.
Tretman òmòn biyoidantik. Tretman avèk òmòn sa a itilize òmòn ki gen estwojèn ak pwojestewòn ki fèt avèk menm estrikti chimik nou jwenn natirèlman nan kò a.
Prèv Epidemyolojik
Pwojestatif ki gen nan tretman ki fèt ak òmòn ki konbine a diminye risk pou gen kansè nan andomèt estwojèn la te kapab bay la. Sepandan, nan yon etid Inisyativ pou Sante Fanm (Women’s Health Initiative) fè nou te wè fi ki itilize tretman ki fèt ak òmòn konbine gen pi gwo risk pou gen kansè tete ak kansè nan ovè. (NCI). Million Women Study te fè yon etid menm jan an kote li jwenn yon ogmantasyon risk kansè tete pou tretman kote yo konbine estwojèn ak pwojestewòn. (Clarkson ak lòt).
Menm si yo vann tretman ki fèt ak òmòn biyoidantik la tankou yon altènativ ki sèten, nou pa jwenn okenn etid ki montre fi ki ap pran òmòn biyoidantik yo gen efè sekondè ki mwens grav (NCI). Òmòn biyoidantik yo gen menm risk pou sante a menm jan ak nenpòt lòt kalite òmòn.
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Etid ki egzaminen enpak HRT a genyen sou makak ak sou sourit yo te montre lè yo estwojèn + pwojestewòn lan li ogmante risk pou yo gen kansè tete (Clarkson et al.)
Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè)
Fason pou diminye risk
Se fi a ansanm avèk doktè l apre li fin gade avantaj ak risk yo ki dwe deside itilize estwojèn lan, menm si se pou kont li oswa konbine avèk yon tretman pwojestatif (ACS). Pami kèk bagay nou dwe konsidere ris ki genyen depi nan baz la pou gen kansè tete, kansè nan andomèt, ak kansè nan ovè (ak fason tretman ak òmòn lan ka afekte l); risk pou gen lòt maladi ki grav tretman ak òmòn lan ka afekte (egzanp: maladi kè, estwok, gwo boul san ki grav, ak efè sou sèvo a); epi ki lòt medikaman yo ka itilize pou trete ostewopowoz oswa sentòm menopoz. Si ou pran desizyon pou pran HRT a, li ta pi bon si ou itilize dòz ki pi ba ki nesesè, pandan yon peryòd ki pa two long si sa posib, epi kontnye wè doktè w regilyèman konsa li ap kapab kontwole w pou efè sekondè yo. (ACS).
Remak: Tout fi dwe siyale nenpòt sèyman vajinal ki parèt tousuit apre menopoz la; li ka yon siy kansè nan andomèt. Menm si risk ou an pa elve, ou toujou gen yon chans pou gen kansè nan andomèt.
Sa nou dwe kenbe
HRTa ka ogmante risk pou gen kansè tete, kansè nan andomèt epi/oswa kansè nan ovè. Pale avèk doktè w anvan w pran yon desizyon sou tretman pou ranplasman òmòn.
Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon, ale sou sous fyab sa yo
American Cancer Society (ACS): HRT (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): HRT)
BreastCancer.org: HRT
National Cancer Institute (NCI): HRT (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): HRT)
MD Anderson: Hormones and cancer (Doktè Anderson: Òmòn ak kansè)
Nou te pibliye l:
10 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022