Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè w griye vyann li lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè yon moun manje vyann ki boule anpil oswa vyann ki boule li kapab ogmante risk pou kansè.

Kisa lasyans di nou

Lè yon moun manje vyann ki boule anpil oswa vyann ki boule, oswa lè nou manje volay, oswa pwason ki kuit nan yon gwo tanperati li kapab lakòz gen amin etewosiklik (HCA) ki fòme. Lè nou kuit vyann lan ak yon tanperati ki pi wo pase 300 ºF epi pandan yon peryòd ki long li kapab lakòz gen HCA ki fòme. (NCI).

Prèv Epidemyolojik

HCA kapab lakòz domaj jenetik epi li kapab ogmante risk yon moun genyen pou li fè kansè lestomak ak kansè kolorektal (Cedars-Sinai). Gen plizyè etid epidemyolojik ki montre yon korelasyon pozitif ant HCA ak risk pou gen kansè (Sugimura). Gen lòt etid ki fèt sou bèt ki montre HCA kapab bay moun kansè avèk devlopman kansè tete, kansè kolon ak kansè pwostat lakay wonjè yo. (Sugimura).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Prèv ki soti nan Laboratwa ki montre HCAs la kapab bay moun kansè konsistan avèk prèv epidemyolojik la.

Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 2A/2B (Li gen chans pou bay moun kansè oswa li pwobab pou bay moun kansè: divès kalite amin Etewosiklik – HCAs)

Fason pou diminye risk

Pou diminye risk pou gen kansè kolorektal, evite manje vyann transfòme, limite vyann wouj, epi ranplase vyann yo ak legim. Evite vyann, volay, oswa pwason ki boule anpil oswa ki boule (MD Anderson). Men kèk konsèy pou diminye kantite pwodui ki boule anpil oswa ki boule ki kole sou aliman ou an:

  • Vide yon ti luit tou piti sou griy la
  • Diminye tanperati a (swa pandan ou ap gaye chabon yo menm jan oswa ogmante distans ki genyen ant aliman ou an ak chabon yo)
  • Grate griy la chak fwa ou fin itilize l
  • Itilize yon sòs (marinad): Li ede diminye fòmasyon HCA a jiska 96% (MD Anderson)
  • Retire grès ki gen nan vyann lan. Sa a kapab diminye ekspozisyon ak idwokabòn awomatik polisiklik (PAHs) ki kapab lakòz kansè, epi ki fòme lè grès la koule sou sous chalè a. PAH la rantre nan lafimen an epi li kouvri manje w la epi rantre ladan l. Lè w chwazi mòso ki pa gen anpil grès li diminye ekspozisyon w lè l ap griye.

Sa nou dwe kenbe

Lè w griye manje nan gwo dife epi lè w manje vyann, volay, oswa pwason ki boule anpil li kapab ogmante risk pou gen kansè kolorektal. Pou diminye risk lan ranplase vyann sa yo ak legim, evite manje vyann, volay, oswa pwason ki boule anpil oswa ki boule.

MD Anderson: Healthier grilling (Doktè Anderson: Griye aliman yon fason ki bon pou lasante)
Cedars-Sinai: Healthy grilling (Cedars-Sinai: Griye aliman yon fason ki bon pou lasante)

Nou te pibliye l nan dat:

25 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022