Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè w manje fwi ak legim (tankou pòm) ki gen yon lasi (wax) ki kole sou li sa kapab lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè w konsome fwi ak legim ki gen lasi sou yo li kapab ogmante risk pou devlope kansè.

Kisa lasyans di nou

Lasi ki sou fwi a, ki gen anpil dlo, gen fonjisid ladan l pou anpeche li fè limon, li gen sik kann, lasi abèy, lasi carnauba ak rezin.

Prèv Epidemyolojik

Pwodui chimik tankou pwodui pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo ki asosye avèk pwodiksyon fwi yo ka gen pwodui ki kapab bay moun kansè, men pa gen prèv ki soti nan etid ki fèt sou moun ki montre lè yon moun ekspoze ak fwi ak legim ki gen lasi gen pwodui chimik ki lakòz moun gen kansè lè yo konsome l.

Ajans pou Pwoteksyon Anviwònman (EPA) responsab pou asire l tou pwodui chimik pou tiye bèt ki nuizib ki sou plant ak sou bèt yo ak pwodui pou tiye limon yo reponn ak Lwa pou Pwoteksyon Kalite Manje yo (FQPA). EPA fè konnen fwi ak legim yo trete avèk pwodui chimik pou tiye bèt ki nuizib ki sou plant ak sou bèt yo san danje epi moun kapab konsome yo “avèk yon sètitid ki rezonab ki p ap deranje ti bebe ak timoun, ansanm ak adilt yo” (EPA). EPA toujou ap kontwole pwodui chimik pou tiye bèt ki nuizib ki sou plant ak sou bèt yo pou asire l moun ka konsome yo.

Se Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA) nan Etazini ki kontwole fwi ki gen lasi sou yo. FDA fè konnen fabrikan ak moun ki ap vann an detay yo dwe suiv rekòmandasyon espesifik ki nan Lwa Federal ki sou Manje, Medikaman, ak Pwodui Kosmetik yo ( Lwa Federal ki sou Manje, Medikaman, ak Pwodui Kosmetik (Lwa FD). Li gen ladan l itilizasyon engredyan ki san danje epi engredyan pou nenpòt pwodui moun kapab manje po yo san danje, epi li diminye risk pou po ki gen sou fwi ak legim yo reprezante yon danje (FDA).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen prèv nan laboratwa ki limite ki montre efè lasi ki sou fwi ak legim yo genyen sou bèt yo.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase

Fason pou diminye risk

FDA pa apwouve okenn po ki kapab lakòz kansè yo itilize sou manje yo. Si li gen yon po, FDA te egzaminen l epi li te wè li san danje pou konsomasyon.

Si ou ta renmen evite manje po ki gen lasi, gen fwi ak legim ki pa gen po. Souvan, etikèt ki sou pwodui yo di si yo gen po sou engredyan yo. Si pa gen yon lis sou pwodui a, souvan gen yon lis sou sit entènèt pwodui a.

Epitou, nou kapab retire po sa a byen fasil anba dlo oswa, si po a paka soti anba dlo ou ka kale l. Lè w rense epi kale fwi ak legim ou yo se pi bon fason pou asire w ou pa manje po ki gen lasi a.

Sa nou dwe kenbe

Daprè rekòmandasyon FDA ak EPA po ki sou fwi ak legim yo pa reprezante yon danje, men lè w rense oswa koupe pwodui a li ede retire lasi a.

Lwa Federal ki sou Manje, Medikaman, ak Pwodui Kosmetik (Lwa FD)
CPG Sec 562.550 Sekirite ak Etikèt ki gen Lasi (Sa ki gen po) Fwi ak Legim
Environmental Protection Agency (EPA): Pesticides and food (Ajans pou Pwoteksyon Anviwònman (EPA): Pwodui chimik pou tiye bèt nuizib ki sou plant ak sou bèt yo ak manje)
World Health Organization (WHO): Food additives (Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS): aditif pou Manje)

Nou te pibliye l:

24 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022