Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Fòmaldeyid lakòz moun gen kansè

Sa ou ka tande

Lè yon moun ekspoze ak fòmaldeyid li kapab lakòz li gen kansè.

Kisa lasyans di nou

Fòmaldeyid la se yon pwodui chimik ki pa gen koulè, li kapab pran dife, epi li gen yon lodè ki fò. Yo itilize fòmaldeyid la nan materyo konstriksyon ak nan pwodiksyon plizyè pwodui pou fè menaj. Yo itilize l nan pwodui kote yo travay bwa a (tankou planch bwa ak pano ki fèt ak fib bwa), kòl, adezif, sou rad yo toujou bay nan près, pwodui pou kouvri ki an papye, izolasyon, fonjisid (pwodui pou detwi parazit), jèmisid (pwodui pou detwi jèm), dezenfektan epi kòm pwodui konsèvasyon nan mòg ak nan laboratwa medikal yo. Moun ekspoze ak fòmaldeyid la prensipalman nan gaz nou respire oswa absòbsyon yon likid ki gen fòmaldeyid atravè po a. Lè nou ekspoze ak fòmaldeyid la men efè li genyen sou sante a sou yon peryòd ki kout: sansasyon kote ou santi je w, nen w ak gòj ou k ap boule, ou ap touse; ou ap respire mal; ou gen kè plen; epi ou gen iritasyon sou po w. Travayè endistriyèl ki ap fè fòmaldeyid oswa pwodui ki gen fòmaldeyid, teknisyen laboratwa, pwofesyonèl swen sante, ak anplwaye nan mòg yo ka ekspoze ak yon pi wo nivo fòmaldeyid pase piblik jeneral la.

Prèv Epidemyolojik

Lesemi Myeloyid ak kansè sinis paranazal, kansè nan kavite nazal ak nan nazofarenks, yo tout asosye avèk itilizasyon fòmaldeyid (NCI). Popilasyon jeneral la ekspoze ak fòmaldeyid la atravè lafimen ki ap soti nan mòflè machin yo, pwodui kote yo travay bwa ki nan kay la, lafimen sigarèt, aparèy konbisyon ki pa gen espas pou lè soti (tankou gaz fou, fou pou boule bwa, ak chofaj ak kewozèn) (ACS).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Etid ki te fèt sou rat yo te eksplike fason lè rat yo respire fòmaldeyid la li lakòz yo gen lesemi ak kansè nan nen. Gen yon lòt etid ki te egzaminen fòmaldeyid rat yo te konsome li te montre prezans kansè nan lestomak yo tou.ACS).

Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè).

Fason pou diminye risk

Administrasyon pou Sekirite ak Sante nan Travay (Occupational Safety and Health Administration, OSHA) te etabli yon nòm federal ki diminye kantite fòmaldeyid travayè yo kapab ekspoze pandan yon jounen travay 8 èdtan soti nan 1 pati-pa-milyon (ppm) pou rive nan 0. 75 ppm (NCI). Ajans pou Pwoteksyon Anviwònman (Environmental Protection Agency, EPA) rekòmande pou nou itilize pwodui kote yo travay bwa a pou limite ekspozisyon ak fòmaldeyid lakay nou. Epitou nou kapab diminye ekspozisyon ak fòmaldeyid la pandan nou ap asire nou lè byen rantre nan kay la, tanperati a modere, epi nou diminye nivo imidite a.NCI). Vapè nou rale ak sigarèt elektwonik yo ka gen fòmaldeyid, pou rezon sa a lè nou evite ekspoze avèk yo li ka diminye risk pou gen kansè.

Sa nou dwe kenbe

Fòmaldeyid se yon pwodui nou konnen ki bay moun kansè. Nou diminye oswa evite ekspoze ak fòmaldeyid la nèt lè sa posib.

American Cancer Society (ACS): Known and probable human carcinogens (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Pwodui yo konnen ki kapab bay moun kansè)
National Cancer Institute (NCI): Formaldehyde and cancer (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Fòmaldeyid ak kansè)
National Cancer Institute (NCI): Formaldehyde (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Fòmaldeyid)

Nou te pibliye l:

30 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022