Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Lè w pa fè ase aktivite fizik li ogmante risk pou gen kansè
Sa ou ka tande
Lè w pa fè ase aktivite fizik li ogmante risk pou devlope kansè
Kisa lasyans di nou
Prèv Epidemyolojik
Gen prèv solid ki montre lè yon moun gen yon nivo aktivite fizik ki elve li gen yon lyen ak risk pou gen plizyè kansè ki diminye. Yo te pibliye pifò nan prèv sa yo nan “meta-analiz,” oswa nan estatistik konparezon ki fèt an plizyè etid ki pale sou menm sijè sa yo:
- Vesi: Nan yon meta-analiz ki te fèt nan lane 2014 sou 15 etid, yo te wè risk pou gen kansè vesi 15% pi fèb pou moun ki gen yon nivo aktivite fizik ki pi elve pase moun ki gen nivo aktivite fizik ki pi ba a (NCI).
- Tete: Nan yo meta-analiz ki te fèt nan lane 2016 sou 38 etid, yo te wè fi ki pi aktif yo te gen yon risk kansè tete ki 12 jiska 21% fwa pi ba pase moun ki fè mwens aktivite fizik yo (NCI).
- Kolon: Nan yo meta-analiz ki te fèt nan lane 2016 sou 126 etid, yo te wè moun ki pi aktif yo te gen yon risk kansè kolon ki 12 jiska 21% fwa pi ba pase moun ki fè mwens aktivite fizik yo (NCI).
- Andomèt: Nan yon meta-analiz ki te fèt sou 33 etid kote yo te obsève espesyalman fi ki aktif fizikman gen 20% mwens risk pou gen kansè nan andomè pase fi ki fè mwens aktivite fizik yo (NCI).
- Ezofaj: Nan yon meta-analiz ki te fèt nan lane 2014 sou 24 etid kote yo te obsève moun ki aktif fizikman gen 20% mwens risk pou gen kansè ezofaj pase moun ki fè mwens aktivite fizik yo (NCI).
- Ren: Nan yo meta-analiz ki te fèt nan lane 2013 sou 19 etid, yo te wè moun ki pi aktif yo te gen yon risk kansè ren ki 12% fwa pi ba pase moun ki fè mwens aktivite fizik yo (NCI).
- Lestomak: Nan yo meta-analiz ki te fèt nan lane 2016 sou 22 etid, yo te wè moun ki pi aktif yo te gen yon risk kansè lestomak ki 19% fwa pi ba pase moun ki fè mwens aktivite fizik yo (NCI).
- Gen prèv limite ki montre aktivite fizik diminye risk kansè poumon, kansè san, kansè pankreyas, kansè ovè, kansè tiwoyid, kansè fwa, ak kansè nan dèyè (NCI).
Anplis aktivite fizik, lè ou gen yon konpòtman kote ou pa bouje anpil (chita, lonje kò a, oswa kouche pandan yon bon tan) li se yon faktè risk pou kèk lòt maladi kwonik ak lanmò anvan lè (NCI).
Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte
Rezilta yo jwenn nan etid ki fèt sou bèt yo jeneralman apiye rezilta ki soti nan epidemyoloji a. Pami wonjè yo, egzèsis la te montre gwosè timè a diminye (Eschke ak lòt.).
Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase
Fason pou diminye risk
Men rekòmandasyon nou bay sou aktivite fizik pou diminye risk pou pran pwa, obezite, ak pou evite divès kalite kansè: 150 jiska 300 aktivite kadovaskilè nan yon entansite ki modere chak semèn, 75 jiska 100 minit gwo aktivite kadovaskilè chak semèn, ak egzèsis pou ranfòse misk yo omwen de (2) jou nan semèn lan (CDC).
Sa nou dwe kenbe
Lè w pa fè ase aktivite fizik li ogmante risk pou devlope kansè vesi, kansè tete, kansè kolon, kansè nan andomèt, kansè ezofaj, kansè nan ren, ak kansè nan lestomak. Pou diminye risk pou gen kansè fè 30 minit egzèsis chak jou.
Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon, ale sou sous fyab sa yo
National Cancer Institute (NCI): Physical activity and cancer (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Aktivite fizik ak kansè)
MD Anderson: Physical activity (Doktè Anderson: Aktivite fizik)
World Cancer Research Fund: Physical activity (Fon Mondyal pou Rechèch sou Kansè: Aktivite fizik)
Centers for Disease Control and Prevention (CDC): Physical activity (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): Aktivite fizik)
Nou te pibliye l:
24 jen 2021
Nou te verifye l epi/oswa fè mizajou ladan l 26 janvye 2022