Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè w limen balèn ki santi bon nan espas anndan li ka lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè w limen balèn ki santi bon li degaje pwodui chimik ki lakòz kansè.

Kisa lasyans di nou

Lè w limen balèn ki santi bon li kapab lakòz ou ekspoze ak si (wax) ak mèch ki se pwodui ki kapab lakòz kansè. Gen kèk balèn awomaterapi ki fèt avèk parafin, ki se yon pwodui ki soti nan petwòl ki degaje yon swi ki kapab bay moun kansè lè l boule (Green America). Nan yon nivo ekspozisyon ki elve, swi sa a kapab lakòz oswa lakòz pwoblèm respiratwa yo vin pi grav, epi li domaje anndan lakay ou (pa egzanp òdinatè, aparèy elektrik, kanalizasyon). Konsantrasyon lòt polyan ki danjere nou ka jwenn nan balèn ki santi bon yo (pa egzanp, fòmaldeyid, diyoksid kabòn, monoksid kabòn, patikil, ak konpoze òganik ki volatil [VOCs]) nou jwenn nan kay kote yo boule balèn ki santi bon regilyèman (Adamowicz ak lòt.).

Anplis, balèn ki fèt anvan 2003 yo ka gen mèch ki fèt ak baz plon. Yon balèn ki fèt ak mèch ki ak baz plon degaje senk (5) fwa kantite plon ki danjere pou timoun epi li depase nòm polisyon EPA pou lè ki nan espas deyò (Green America). Pa gen yon kantite plon ki san danje pou moun, epi lè yon moun ekspoze ak yon gwo kantite plon li gen yon lyen avèk pètibasyon òmòn, pwoblèm konpòtman, difikilte aprantisaj, ak plizyè lòt pwoblèm sante (CDC), li gen ladan l kansè.

Prèv Epidemyolojik

Gen prèv epidemyolojik limite ki montre ekspozisyon ak balèn ki santi bon ak risk kansè.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Prèv nan laboratwa yo te montre balèn lan nan li menm pa yon enkyetid. Nan yon etid ki te fèt nan lane 2007 yo te wè pwodui chimik ki nan fabrikasyon balèn yo pi ba pase nivo ki lakòz pwoblèm sante (AECM). Sepandan, lè nou limen balèn yo li degaje konpoze òganik ki volatil (VOCs) nan lè a, sa ki kapab danjere. Nan lane 2014 gen yon etid ki te fèt nan laboratwa ki montre VOCs ki degaje lè nou limen balèn yo ba anpil, epi li pa anpil pou li danjere pou sante moun (Petry ak lòt.).

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase

Fason pou diminye risk

Gen anpil lòt balèn ki pa toksik nou ka itilize pou ranplase yo tankou: balèn ki fèt ak 100% lasi abèy (beeswax) avèk mèch koton ki pa gen pwodui chimik ki toksik, menm jan ak balèn ki fèt 100% ak baz vejetal oswa lasi soja (Green America). Pou nou kapab redui swi a, kèlkeswa kalite balèn lan, koupe mèch balèn la a ⅛ pous. Yon lòt fason nou kapab itilize l se lè nou fè awomaterapi san balèn pou degaje bon sant san pa gen pwodui danjere ki ladan l. Luil esansyèl ki pa toksik epi nou kapab libere atravè yon difizè, yon aparèy pou boule ki gen fòm won, oswa lè nou ajoute l nan dlo cho pou benyen.

Sa nou dwe kenbe

Lè nou itilize balèn ki santi bon yon lè konsa li pa gen anpil chans pou lakòz kansè, men lè nou itilize souvan balèn ki santi bon ki pa fèt ak baz vejetal oswa ki pa fèt ak baz soja li ka ogmante risk pou gen kansè. Chwazi sa ki pa toksik la lè w ap achte balèn ki santi bon.

Green America: Toxic candles (Green America: Balèn ki toksik)
Adamowicz ak lòt. Scented Candles as an Unrecognized Factor that Increases the Risk of Bladder Cancer; Is There Enough Evidence to Raise a Red Flag? (Balèn ki santi bon kòm yon Faktè nou pa Rekonèt ki Ogmante Risk pou gen Kansè Vesi; Èske gen ase Prèv pou Leve yon Drapo Wouj?)
Snopes: Scented candles and cancer (Snopes: Bouji ki santi bon ak kansè)
Centers for Disease Control and Prevention (CDC): Lead (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): Plon)

Nou te pibliye l:

29 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022