Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè yon moun itilize telefòn selilè li lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè w kite telefòn la prè kò w oswa lè w mete l prè tèt ou li kapab ogmante risk pou gen kansè.

Kisa lasyans di nou

Telefòn yo bay ond RF (Radyofrekans) ki se yon fòm radyasyon ki pa iyonize. Sa a vle di yo pa gen ase enèji pou domaje dirèkteman ADN ki anndan selil la epi lakòz kansè (ACS, NCI). Plis ou kenbe telefòn la prè kò w, plis ou ap atann pou ekspoze ak ond RF yo. Gen anpil lòt faktè ki afekte kantite enèji yon moun ekspoze, tankou:

  • Kantite tan moun lan pase nan telefòn ak fason moun ki ap itilize telefòn lan kite l prè kò l (pa egzanp., tèt ou).
  • Distans ak wout pi pre antèn pou telefòn lan: plis distans ak antèn pou telefòn la lwen, se plis ou bezwen enèji pou kenbe siyal la
  • Kantite trafik nan telefòn selilè ki gen nan zòn lan pandan yon moman: plis gen trafik, se plis ou bezwen enèji pou kenbe siyal la
  • Modèl telefòn nou ap itilize

Prèv Epidemyolojik

Gen anpil rechèch ki te fèt pou gade si gen yon lyen ant itilizasyon telefòn selilè ak kansè, sepandan, rezilta yo pa t gen konklizyon (NCI). Pifò òganizasyon entènasyonal yo konsidere itilizasyon telefòn selilè a reprezante sèlman yon risk potansyèl pou kansè, epi pou pi piti, prèv ki genyen yo pa ase pou kòmante.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Aktyèlman, pa gen prèv ki soti nan laboratwa ki montre lyen ki genyen ant itilizasyon telefòn selilè ak ogmantasyon risk pou kansè.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Gwoup 3 (Nou pa klase yo kòm pwodui ki kapab bay moun kansè: radyofrekans ki nan chan elektwomayetik).

Fason pou diminye risk

Nou pa konnen si yon moun diminye kantite tan li ap pase nan telefòn selilè a (ACS), lè li itilize espikè a oswa aparèy pou depoze telefòn lan, oswa lè li voye yon mesaj tèks olye li pale nan telefòn sa ap diminye risk pou kansè a. Menm si pa gen konklizyon pou etid yo, lè yon moun diminye ekspozisyon l ak ond RF yo li ap diminye chans ki genyen pou ogmante risk pou kansè.

Sa nou dwe kenbe

Ond RF nou itilize nan telefòn selilè yo pa gen ase enèji pou domaje ADN la, poutèt sa a mekanis lan pa gen pou posibilite pou li lakòz kansè. Sepandan, pa gen ase prèv ki pou pèmèt nou konkli gen yon lyen ki egziste ant risk pou kansè ak itilizasyon telefòn selilè.

Berkeley Public Health: Cell phone radiation (Sante Piblik nan Berkeley: Radyasyon nan telefòn selilè)
American Cancer Society (ACS): Cell phones (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Telefòn selilè)
National Cancer Institute (NCI): Cell Phones and cancer (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI):Telefòn selilè ak kansè)

Nou te pibliye l nan dat:

12 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022