Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè nou manje aliman ki fèt nan mikwowonn nan yon bòl plastik li ogmante risk kansè

Sa ou ka tande

Lè w manje nan yon bòl plastik ki chofe nan mikwowonn oswa yon bòl plastik ki glase li libere divès pwodui chimik danjere ki ka lakòz kansè.

Kisa lasyans di nou

Bagay ki glase yo gen tandans fomksyone kont pwodui chimik ki ap soti yo. Lekòl Sante Piblik Johns Hopkins Bloomberg deklare “Pwodui chimik yo pa pataje fasil konsa lè tanperati a frè, sa ki limite liberasyon pwodui chimik yo” (LAT). Sa vle di lè w mete yon bagay glase nan yon veso plastik li pa lakòz okenn risk kansè.

Nou jwenn Adipat Dyetileksil (DEHA) la nan kèk plastik epi li ka libere lè nou chofe veso a (LAT). Li posib pou sibstans yo itilize nan pwosesis fabrikasyon plastik la, tankou DEHA a, ka koule nan manje pandan pwosesis kote nou ap chofe l la. Men FDA egzije regilasyon ki estrik sou etikèt ki nan veso plastik yo tankou “san danje pou mikwowonn” (FDA).

Prèv Epidemyolojik

Sepandan, Ajans Pwoteksyon pou Anviwònman an te deklarare “nou pa kapab di alavans epi yon fason ki rezonab DEHA a lakòz kansè; iminotoksisite; mitasyon jèn; toksisite pou fwa, pou ren, pou repwodiksyon oswa pou devlopman an; oswa lòt efè kwonik ki pa kapab chanje sou sante a” (Fillon ak lòt.).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Pa gen okenn prèv ki soti nan laboratwa ki montre lè nou mete plastik nan mikwowonn oswa lè nou mete plastik glase li ogmante risk pou gen kansè.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Gwoup 3 ( (Nou pa klase yo kòm pwodui ki kapab bay moun kansè): Di(2-etileksil)adipat)

Fason pou diminye risk

Pi bon fason pou diminye risk la se lè ou kuit manje nan mikwowonn ou yo nan asyèt fayans oswa seramik ki gen yon etikèt ki ekri “san danje pou mikwowonn .”

Sa nou dwe kenbe

Nivo DEHA yo jwenn nan plastik yo pa montre li se kanserijèn (pwodui ki kapab lakòz kansè). Sepandan, pwodui chimik ki nan veso plastik yo konn chanje, epi gen rechèch ki kontinye ap fèt pou konnen si yo kapab jwenn lyen espesifik avèk pwodui chimik ak kansè.

Food Drug Administration (FDA):5 tips for safe microwave oven use (Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA): 5fason pou itilize mikwowonn lan san danje)
American Society of Clinical Oncology: Microwaves and cancer (Sosyete Ameriken pou Onkoliji Klinik: Mikwowonn ak kansè)
World Health Organization (WHO): Microwave ovens(Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS): Mikwowonn
Fillon et al.: BPA and the Difficulty of Proving Environmental Cancer Risks (Fillon ak lòt.: BPA ak Difikilte pou Pwouve yon Anviwònman Lakòz Kansè)
Los Angeles Times: Heat’s on Plastic Containers (Los Angeles Times: Chalè nan Veso Plastik yo)

Nou te pibliye l:

26 janvye 2022
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022