Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Gen kèk pwodui kosmetik ki kapab lakòz moun gen kansè

Sa ou ka tande

Yo souvan ap pale nan medya yo sou pwodui kosmetik yo ak engredyan yo kòm pwodui ki asosye avèk kansè.

Kisa lasyans di nou

FDA defini pwodui kosmetik tankou “atik ki la pou fwote, vide, pase oswa flite sou kò moun, mete sou kò moun, oswa ki la pou aplike sou kò a nan nenpòt lòt fason…pou netwaye, fè kò a bèl, fè kò a vin pi atiran, oswa modifye aparans lan” (FDA). Li gen ladan l divès kalite pwodui ki soti nan krèm pou idrate po pou rive nan savon ak vèni pou zong.

Gen engredyan nan pwodui komestik yo nou te idantifye kòm pwodui ki toksik (pa egzanp, kèk tenti pou cheve). Gen tès ki fèt regilyèman sou engredyan yo pou detèmine pwoblèm sante yo kapab lakòz sou yon peryòd ki kout, tankou iritasyon po a ak iritasyon zye a ak reyaksyon alèji. FDA egzije pou pwodui kosmetik yo san danje pou konsomatè yo, men li pa gen otorite pou egzije konpayi yo teste pwodui kosmetik yo anvan yo mete l sou mache a.FDA). Efè sou peryòd ki kout yo souvan parèt aprè yo mete pwodui a sou mache a, epi FDA kapab egzije pou konpayi a rantre pwodui a.

Sepandan, sa rive raman pou yo teste pwodui kosmetik yo pou efè yo kapab genyen sou yon peryòd ki long. Pou rezon sa, li pafwa difisil pou nou konnen si engredyan endividyèl yo kapab lakòz pwoblèm sante lè yo poukont yo oswa lè yo melanje nan pwodui kosmetik yo. Li kapab pran plizyè ane oswa menm plizyè dizèn ane apre yon moun fin ekspoze ak pwodui ki kapab moun kansè pou kansè a devlope (FDA). Chèchè yo pa toujou kapab mennen etid yo sou peryòd ki long pou yon pwodui patikilye, epi menm si sa ta rive, jeneralman syantifik yo pa teste chak melanj ak chak dòz pwodui kosmetik pou etabli yon lyen ki gen rapò ak kòz kansè a. Epitou, engredyan ak melanj yo chanje souvan.

Prèv Epidemyolojik

Nou toujou pa konnen si engredyan ki nan pwodui kosmetik yo ogmante risk kansè, paske nou p ap teste yon fason ki avanse pifò engredyan yo ak melanj engredyan ki nan pwodui kosmetik yo nan kad etid epidemyolojik ki byen fèt. Yon lòt bò, posibilite nou pa genyen pou evalye oswa mezire vèk presizyon pwodui kosmetik nou itilize yo limite domèn rechèch la.

Prèv Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Yo teste anpil (men pa tout) engredyan ki gen nan pwodui ksmetik yo sou bèt pou gade konsekans yo genyen sou yon peryòd ki kout. Epitou, gen rechèch anplis ki dwe fèt pou detèmine efè kèk engredyan genyen sou risk pou kansè.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa Klase

Fason pou diminye risk

Gen anpil pwoblèm nan rechèch lan, li gen ladan l fason engredyan ki nan pwodui kosmetik yo kapab absòbe epi devlope nan kò a. FDA egzije pou pwodui ki pa teste yo gen fraz sa a ki ekri sou etikèt yo, “Avètisman—nou poko detèmine sekirite pwodui sa a” (FDA). Si ou ta renmen diminye nan chans pou gen risk sa a, gade sa ki di nan avètisman yo. Ou ka chwazi pa sèvi avèk pwodui ki gen kèk engredyan, diminye nan kantite pwodui kosmetik ou ap sèvi, oswa annik pa sèvi ak pwodui kosmetik. Gen anpil sit entènèt ki kapab ba ou enfòmasyon sou pwodui kosmetik ou ap chwazi yo. P egzanp, gen kèk sit entènèt ki fè lis pwodui kosmetik yo konnen ki gen engredyan danjere (tankou Pwogram pou Sekirite nan Kesyon Kosmetik (California Safe Cosmetics Program)) oswa pwodui kosmetik ki gen engredyan ki bon pou sante a (tankou Skin Deep ak Clearya). Aplikasyon pou Esmatfòn Detox Me gen ladan l plizyè konsèy ki pou ede w pi byen chwazi pwodui ou yo.

Sa nou dwe kenbe

Rechèch yo montre gen kèk tenti pou cheve ki gen rapò avèk kansè, epi gen lòt pwodui kosmetik ki ka genyen pwodui chimik ki kapab bay moun kansè. Gen kèk dout ki la toujou paske konpayi yo ak ajans regilatwa yo pa fè ase tès pou detèmine si pwodui sa yo bay moun kansè, epi pa gen ase enfòmasyon sou pwodui chimik yo (pa egzanp deranjman andokrin lan) ki ka gen rapò ak kansè. Nou dwe itilize tout pwodui kosmetik yo sèlman nan fason ki ekri sou etikèt la.

American Cancer Society (ACS): Cosmetics (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Pwodui Kosmetik)
Food Drug Administration (FDA): Cosmetics (Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA): Pwodui Kosmetik)
Pwogram pou Sekirite nan Kesyon Kosmetik (California Safe Cosmetics Program): Fè lis tout pwodui komestik y ap vann nan California ki gen nenpòt engredyan yo konenn ki lakòz kansè yo oswa yo sispèk ki ka lakòz kansè, ki lakòz pwòblèm nan nesans, oswa ki danjere pou repwodiksyon an.
Skin Deep: Se yon sit entènèt Environmental Working Group (yon gwoup defansè anviwònman ak sante piblik) ki ede konsomatè yo chèche pwodui ki enterese yo.

Nou te pibliye l nan dat:

24 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022