Poukisa nou te kreye Cancer FactFinder?

Pifò moun te fè kèk eksperyans pèsonèl avèk kansè, epi anpil nan nou gen enkyetid konsènan sa ki lakòz li. Pou rezon sa a, se pa yon sipriz lè nou wè kansè se youn (1) nan sijè yo plis fè rechèch anliy sou li.

Nou souvan ale sou rezo sosyal, fè rechèch sou entènèt, pale avèk zanmi oswa fanmi pou nou jwenn enfòmasyon sou kansè. Tout moun sa yo kapab ba nou enfòmasyon pou ede nou pran desizyon sou fason nou ap viv, sou sa n ap manje, ak sou sante nou epi ede nou evite yon dyagnostik kansè. Men pou yo kapab fè sa yo bezwen gen enfòmasyon ki egzak.

Pafwa, li difisil pou nou konnen ki enfòmasyon ki fyab—sa vle di ki enfòmasyon nou kapab kwè ak ki enfòmasyon nou pa kapab kwè sou kòz kansè. Nou kreye sit sa a pou pèmèt moun gen aksè byen fasil ak enfòmasyon sou kansè konsa yo kapab fè bon chwa pou evite kèk ekspozisyon oswa pou pran etap pozitif pou ogmante sante
yo.

Kòman nou rasanble epi trete enfòmasyon yo pou FactFinder?

Nou verifye rezime prèv yo yon fason ki konsistan avèk lòt gwo òganizasyon epi nou pataje sa nou konnen sou fason prèv sa yo solid, epi nou di si gen yon bagay ki asosye avèk kansè oswa si li pa asosye avèk kansè. Pou nou kapab fè sa, nou itilize pwosesis sistematik epi ki fèt yon fason ki estrik pou idantifye deklarasyon sou kòz kansè ki fèt nan etid sou moun:

Nou chèche deklarasyon sou kansè sou entènèt, sou rezo sosyal, ak lòt sous.

Depi nou fin idantifye l, ekip editoryal nou an verifye deklarasyon sa yo oswa voye deklarasyon sa yo jete pandan y ap itilize pi bon etid ki disponib lakay moun ak etid nan laboratwa oswa nan etid ki pou sipòte. Nou gade nan sous ki gen done syantifik ki fyab, li gen ladan l jounal medikal ak syantifik, nou resevwa opinyon nan men ekspè syantifik ki ap dirije, epi nou pran enfòmasyon nan men òganizasyon moun konnen tankou Sosyete Ameriken pou Kansè (American Cancer Society) ak Enstiti Nasyonal pou Sante (National Institutes of Health).

Pou nou kapab deside si yon deklarasyon gen chans pou l verite oswa si gen chans pou li pa verite, nou limite verifikasyon nou an ak prèv ki bay enfòmasyon sou fòs asosyasyon an oswa kòz yo. Sa vle di kritè nou itilize pou fè konklizyon yo gen ladan l enfòmasyon konsènan ekspozisyon ou yo ak faktè nou konnen ki lakòz kansè. Sepandan, nou pa kapab toujou etabli kòz lan. Nou verifye prèv asosyasyon ki fyab avèk kansè lakay moun ki baze sou prèv epidemyolojik tou. Epitou, nou evalye rezilta nou jwenn nan etid toksikolojik ak lòt etid ki ap sipòte, anplis prèv epidemyolojik nou gen kounye a.

Nou baze konklizyon nou yo sou kòz kansè prensipalman sou eti epidemyolojik ki te fèt sou moun. Etid eksperimantal yo, li gen ladan l ankèt ki fèt sou bèt ak ankèt ki fèt nan laboratwa, kapab bay enfòmasyon ki kapab ede, men pou nou te kapab pran yon dènye desizyon se prèv epidemyolojik nou jwenn sou moun nou te itilize pou detèmine risk pou kansè.

Nou dwe remake se pa tout asosyasyon avèk kansè nou kapab jwenn nan etid epidemyolojik yo, poutèt sa gen bagay nou toujou pa konnen sou kèk deklarasyon ki fèt sou kòz kansè, espesyalman lè li enplike bagay ki kapab gen ajan ki lakòz kansè oswa nou konnen ki gen ajan ki lakòz kansè (kanserijèn). Epitou, etid ki fèt nan laboratwa ak prèv ki pou sipòte yo limite paske patisipan nan etid la se pa moun. Menm si konklizyon yo ka montre efè sou bèt yo, li pa toujou kapab aplike sou moun paske patisipan yo diferan. Nou endike limit sa yo nan deskripsyon deklarasyon endividyèl.

Apresa, nou fè rezime enfòmasyon nou genyen yo epi nou pale sou sa avèk ekip editoryal nou an.

Apre nou fin ekri rezime enfòmasyon an sou bouyon, editè ki espesyalize verifye sa ki ekri nan rezime ki ekri a.

Nou pataje rezime sa a avèk manm nan kominote a, li gen ladan l sivivan kansè ak defansè yo, pou nou asire nou mesaj la klè epi nou pale sou pwen ki ka enterese piblik ki ap li a an jeneral—se pa sèlman ekspè nan domèn la.

Depi nou fin verifye l nèt nou pataje enfòmasyon an atravè sit FactFinder konsa li disponib pou piblik la an jeneral.

Remak: Nou dwe konnen gen kèk ekspozisyon oswa faktè risk ki ka pa lakòz kansè men yo kapab gen lòt efè sou sante a, ki kapab swa danjere oswa nan avantaj pou sante a. Sou sit sa a nou pa bay enfòmasyon sou lòt efè ki ka enpòtan pou sante a apa sa nou bay sou kansè.

Ki enfòmasyon nou pa mete nan rezime nou yo?

Etid eksperimantal yo, li gen ladan l ankèt ki fèt sou bèt ak nan laboratwa ki kapab bay enfòmasyon ki enpòtan. Nou pa konsidere prèv ki soti nan etid ki fèt sou bèt ak nan laboratwa, menm si enstitisyon ki ap kontwole yo itilize modèl prèv eksperimantal sa yo pou evalye sekirite ki gen nan pwodui chimik nan Etazini ak nan Inyon Ewopeyèn.

Kòm nou pa mete etid ki fèt sou bèt nan rapò nou an, nou ka rate kèk enfòmasyon enpòtan konsènan faktè ki kapab lakòz kansè. Paske li pa respekte etik lè nou ekspoze moun ak pwodui chimik ki kapab gen risk nan yon etid, etid ki fèt sou bèt ak nan laboratwa se sèl fason pou detèmine si yon moun ekspoze ak kèk pwodui li kapab lakòz kansè. Pou nou kapab konnen kòz kansè a, li kapab nesesè pou rasanble enfòmasyon ki soti nan plizyè sous, li gen ladan l obsèvasyon sou lè moun yo te ekspoze nan lavi chak jou yo, nan travay, oswa nan aksidan, epi konsidere prèv ki soti nan eksperyans ki fèt sou bèt oswa selil yo. Prèv pou etid sou kansè moun genyen souvan parèt sèlman apre moun lan fin ekspoze pandan yon dizèn lane.