Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Aspatame a lakòz kansè

Sa ou ka tande

Konsomasyon aspatame a kapab lakòz kansè.

Kisa lasyans di nou

Anpil antrepriz soti nan sakawoz nòmal la (sik yo mete sou tab la) pou pase nan pwodui ki ranplase sik oswa sik atifisyèl akoz konkirans ki ap ogmante pou fè manje yo pi sikre, epi yo fè sa pou atire plis moun, epitou pou diminye kalori yo. Aspatame a se youn (1) nan sik atifisyèl yo plis itilize. Aspatame a sanble ak sik, men li pi sikre pase sik, epi nou kapab jwenn li nan diferan manje ak bwason(ACS).

Prèv Epidemyolojik

Anpil etid te fè ankèt pou konnen si sik atifisyèl yo ak Aspatame lakòz kansè oswa si yo pa lakòz kansè (NCI), men yo pa t kapab jwenn okenn koneksyon ant risk pou kansè ak konsomasyon Aspatame a (ACS).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Pa gen okenn prèv ki soti nan laboratwa ki montre yon konsomasyon aspatame lakòz yon ogmantasyon ris pou kansè.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa Klase

Fason pou diminye risk

Chwazi yon sik atifisyèl FDA apwouve. Gen gwo etid ki te fèt sou sik atifisyèl sa yo epi nou kapab konsome yo san danje. Tankou, sakawoz (sik yo mete sou tab la) ak Aspatame a se de (2) bon chwa, paske FDA te apwouve yo, epi gen prèv ki montre pa gen anpil risk pou yo bay kansè, si se pa okenn (ACS).

Lè yon moun konsome Aspatame oswa manje ki gen anpil sik li souvan gen lyen ak chans ki pi elve pou vin obèz, espesyalman, si moun lan pa manje avèk moderasyon. Obezite, oswa BMI ki elve, gen yon lyen ak divès kalite kansè. Moun ki obèz yo gen enflamasyon kwonik, sa ki kapab lakòz ADN la domaje pandan tan ap pase, epi lakòz kansè. Epitou, yo gen plis chans pou gen lòt maladi oswa twoub ki kontribiye nan enflamasyon kwonik: tankou, ezofaj Barrett, kalkil bilyè, kolit ilsè, ak epatit (NCI). Pou evite kò a gen twòp grès, li enpòtan pou kenbe yon rejim alimantè ki bon pou sante a, epi gen yon objektif ki se fè 150 jiska 300 minit aktivite fizik modere chak semèn (mache, kouri, mache nan mòn, elatriye.) (Mayo Clinic).

Sa nou dwe kenbe

Lè nou manje aliman ki en Aspatame li ka pa ogmante risk pou gen kansè; sepandan, lè yon gen yon rejim alimantè ki gen twòp sik oswa Aspatame li kapab gen efè danjere sou sante a.

National Cancer Institute (NCI): Artificial sweeteners and cancer (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Sik atifisyèl ak kansè)
American Cancer Society (ACS): Aspartame and cancer risk (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Aspatame ak risk pou kansè)
Food and Drug Administration (FDA): High-intensity sweeteners permitted for use in food in the United States (Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA): Sik Atifisyèl ki gen Gwo Entansite yo otorize pou moun itilize nan manje nan Etazini)
Mayo Clinic: Obesity (Klinik Mayo: Obezite)

Nou te pibliye l nan dat:

6 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022