Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè w manje machmalo ki boule nan dife li kapab lakòz moun gen kansè

Sa ou ka tande

Lè yon moun manje aliman ki boule oswa machmalo ki boule li ogmante risk pou devlope kansè.

Kisa lasyans di nou

Machmalo a fèt ak yon gwo kantite sik. Nou kapab manje l konsa, men pafwa yo griye l sou dife pou li kapab fè smores. Nou kapab jwenn plizyè pwodui chimik nan aliman ki boule yo tankou akrilamid, idwokabi awomatik polisiklik (PAHs) ak amin etewosiklik (HCAs) (Dana-Farber). Akrilamid yo fèt yon fason natirèl nan reyaksyon chimik ki gen nan kèk kalite aliman ki rich ak lanmidon (fekilan) lè yo kuit yo nan yon tanperati ki elve. Sepandan, reyaksyon chimik sa a fèt sèlman lè aliman an kuit jiskaske l vin gen koulè mawon fonse epi si li kuit pandan yon peryòd tan ki long (Dana-Farber). Lè grès la ak ji a degoute sou flanm dife a pandan vyann lan ap kuit, PHAs la libere. HCA a fèt se lè vyann lan ekspoze ak yon gwo tanperati pandan yon peryòd tan ki pwolnje (FDA). Pa gen okenn nan sitiyasyon sa yo ki se yon enkyetid lè nou ap boule machmalo yo.

Prèv Epidemyolojik

Dapre Fon Mondyal pou Rechèch sou Kansè (World Cancer Research Fund), pa gen prèv solid ki montre gen yon lyen ant aliman ki gen anpil lamidon ki twò kuit ak risk pou kansè (WCRF).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Pa gen prèv ki soti nan laboratwa ki montre lè yon moun manje aliman ki boule li lakòz moun gen kansè.

Klasifikasyon pwodui ki bay moun kansè daprè IARC: Li pa Klasifye (menm si gen kèk pwodui nou ka jwenn nan machmalo ki boule a ki ka gen pwodui chimik IARC deziyen kòm pwodui ki ka bay moun kansè).

Fason pou diminye risk

Nou pa konnen si gen yon relasyon ant aliman ki gen anpil lanmidon ki kuit anpil ak kansè. Pou nou pa twò ekspoze ak akrilamid la lè n ap kuit lòt kalite manje, diminye manje ki fri ak sa ki fri anpil yo, evite konsève pòmdetè yo nan frijidè, epi mete mòso pòmdetè yo tranpe nan dlo (peze yo pou kapab seche yo) anvan ou fri oswa kuit yo. Pou diminye konsomasyon HCA ak PAH lè n ap kuit vyann, evite ekspoze vyann lan dirèk sou flanm dife a, kenbe tan pou li kuit la pi kout ou kapab, pase vyann lan nan mikwo-ond anvan ou mete l kuit nan yon gwo tanperati, retire pati ki boule yo lè w ap manje l, itilize sòs (marinad) ki fèt ak baz asid, oswa konsome legim griye ak tofou kòm altènatif pou vyann lan (Dana-Farber).

Sa nou dwe kenbe

Menm si pa gen etid espesifik ki te fèt pou montre lyen ki genyen ant machmalo ki boule ak kansè, lè yon moun manje machmalo ki boule li pa gen posibilite pou ogmante risk pou kansè.

Dana-Farber: Burnt food and cancer (Dana-Farber: Manje ki boule ak kansè)
Food Drug Administration (FDA): Acrylamide (Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA): Akrilamid)
World Cancer Research Fund (WCRF): Burnt toast(Fon Mondyal pou Rechèch sou Kansè (WCRF): Pen griye ki boule)

Nou te pibliye l nan dat:

25 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022