Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Glitamat monozodik (MSG) la lakòz moun gen kansè

Sa ou ka tande

Lè ou konsome glitamat monozodik la li ogmante risk pou kansè.

Kisa lasyans di nou

MSG a se youn (1) nan aditif alimantè yo plis itilize. Jeneralman, MSG a bay lodè yon ounami (tankou sant yon vyann) epi yo souvan ajoute l nan manje sale yo pou amelyore gou ak sant yo genyen (Niaz ak lòt.).

Prèv Epidemyolojik

Gen gwo rechèch ki te fèt sou MSG a men yo pa t jwenn lyen ant konsomasyon MSG a ak risk pou kansè (Niaz ak lòt.). Sepandan, gen lòt etid ki te gade efè toksik ki posib pou MSG a genyen sou kò a. Etid yo te montre rapò ki genyen lè yon moun konsome MSG ak obezite, twoub nan sistèm nève santral, domaj nan fwa, ak move fonksyònman repwodiktif. Menm si yo pa montre MSG a ogmante risk pou kansè, li ka gen lòt efè ki grav pou sante a (Niaz ak lòt.).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Yo te etidye efè MSG a sou modèl bèt, gen etid ki limite ki ap fè rechèch pou konnen si MSG a lakòz kansè lakay bèt yo (Zanfirescu ak lòt.).

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase

Fason pou diminye risk

Etid ki fèt sou MSG a pa t montre gen yon lyen ak risk pou kansè. Men ekspè yo rekòmande pou nou evite pwodui ki gen MSG paske li ka bay lòt efè ki danjere pou sante a. Verifye pwodui ou ap manje yo, espesyalman pwodui ki “sale” yo, paske se yo ki gen plis chans pou gen MSG (Niaz et al.).

Sa nou dwe kenbe

MSG a pa sanble lakòz kansè oswa li pa sanble ogmante risk pou kansè.

Niaz et al.: Extensive use of monosodium glutamate: A threat to public health? (Niaz et al.: Gwo itilizasyon glitamat monozodik: Èske li se yon menas pou sante piblik?)
Mayo Clinic: What is MSG? (Mayo Clinic: Kisa ki MSG a?)

Nou te pibliye l:

7 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022