Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Yon rejim alimantè ki gen anpil asid ogmante risk pou kansè

Sa ou ka tande

Kòm selil kansè yo devlope byen nan anviwònman ki asid, anpil moun ap mande si yon rejim alimantè ki gen anpil manje asid kapab ogmante risk pou kansè.

Kisa lasyans di nou

Nan chimi, echèl pH la pèmèt nou mezire nivo asid oswa nivo baz ki gen nan yon solisyon. Echèl pH la varye soti 0 jiska 14: lè li 7 li net, mwens pase 7 li asid, epi lè li plis pase 7 li se yon baz.

Prèv Epidemyolojik

Pa gen okenn etid epidemyolojik ki fèt sou moun ki etidye relasyon ant pH ak kansè.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Pa gen okenn prèv ki soti nan laboratwa ki montre pH Asid la ogmante risk pou gen kansè. Menm si se vre selil kansè yo devlope byen nan yon anviwònman asid, se pa aliman ou manje ki detèmine pH ki nan kò w (MD Anderson). Faktè ki detèmine pH ki gen nan kò w la gen ladan l pèt fliyid, nivo elektwolit, ak fonksyon ògàn lan.

Klasifikasyon pwodui ki bay moun kansè daprè IARC: Li pa Klase

Fason pou diminye risk

Rechèch yo montre pa gen okenn rejim alimantè oswa pa gen okenn manje ki kapab prevwa kansè. Sepandan, yon rejim alimantè ki ekilibre ak yon aktivite fizik ki sifizan kapab anpeche ou pran twòp pwa, sa ki asosye avèk risk kansè. Pou anpeche ou pran pwa, li rekòmande pou fè 150 jiska 300 minit aktivite entansite ki modere chak semèn (Mayo Clinic). Yon rejim alimantè ki bon pou lasante gen ladan l aliman ki pa gen anpil kalori epi ki gen anpil nitriman (tankou fwi, legim, ak grenn antye), evite grès satire, epi limite bagay dous ak alkòl. Idantifye sitiyasyon ki lakòz ou manje twòp, epi lè w gen zouti ki pèmèt ou fè fas ak sitiyasyon sa yo li kapab ede nan anpeche w pran pwa. Pou fini, lè gen konsistans nan rejim alimantè a epi ou fè egzèsis fizik, epi ou kontwole pwa w yon fason ki regilye, sa kapab ede ou evite pran twòp pwa.

Sa nou dwe kenbe

Rejim alimantè w pa afekte pH ki gen nan san w, epi pa gen okenn rejim alimantè ki pou anpeche kansè a. Nan plas sa, konsantre w sou yon rejim alimantè ki ekilibre epi fè egzèsis regilyèman.

MD Anderson: Alkaline diet (Doktè Anderson: Rejim Alkalen)
American Institute for Cancer Research: Alkaline diet (Enstiti Ameriken pou Rechèch sou Kansè: Rejim alkalen)
Mayo Clinic: Obesity (Klinik Mayo: Obezite)

Nou te pibliye l nan dat:

7 jiyè 2021
Nou verifye epi/oswa fè mizajou ladan l nan dat 22 out 2022