Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Rejim alimantè ki gen anpil grès diminye risk pou gen kansè

Sa ou ka tande

Lè ou gen yon rejim alimantè ki gen anpil grès li diminye risk pou gen kansè.

Kisa lasyans di nou

Pawòl ki fè konnen lè ou gen yon rejim alimantè ki gen anpil grès li diminye risk pou gen kansè soti nan premye rechèch ki fèt sou rejim alimantè ak kansè. Peyi kote yo manje anpil “grès ki bon pou sante a” tankou peyi ki bò lanmè Mediteraneyen an, gen yon to kansè ki pi ba. Men lè yo fè plis etid, yo wè diferans ki genyen nan risk yo pa genyen lyen avèk konsomasyon grès (AICR). Chwa alimantè nou ap fè yon fason global enpòtan menm jan ak ki kalite grès nou ap mete nan yon rejim alimantè. Sa pa gen twò lontan, rejim alimantè ki gen anpil grès yo te vin popilè kòm fason pou pèdi pwa ak pou anpeche risk pou kansè. Sepandan, gen lòt ekspè ki avèti nou lè nou manje twòp grès (ak move kalite grès) li ka ogmante risk pou gen kansè.

Prèv Epidemyolojik

Gen anpil etid epidemyolojik ki te fèt sou grès alimantè yo. Gen plis rechèch ki bezwen fèt pou nou kapab konnen ki kalite grès nou dwe evite ak ki kantite nan chak grès ki modifye risk pou gen kansè. Menm si y ap etidye depi yon kantite ane asid ki gen grès monosatire, poliyensatire ak sa ki transfòme yo, nou toujou pa klè sou risk yo genyen sou sante a. Fon Mondyal pou Rechèch sou Kansè (World Cancer Research Fund) te fè konnen nan yon rezime gen sèlman prèv ki limite oswa sijestif sou ogmantasyon risk kansè ak konsomasyon grès total oswa grès satire.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Nan yon etid ki te fèt sou yon sourit ki ansent yo te wè yon rejim alimantè ki gen anpil grès kapab lakòz kansè tete (Nguyen ak lòt). Sepandan, rechèch la toujou limite epi gen plis rechèch ki bezwen fèt pou egzaminen efè rejim alimantè ki gen anpil grès genyen sou bèt ki nanetid yo.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase

Fason pou diminye risk

Grès la se sous kalori ki pi konsantre, pou rezon sa li pi fasil pou ti mòso ki monte youn sou lòt bay yon eksè kalori. Si kalori anplis sa yo lakòz ou pran pwa, se yon enkyetid ki reyèl pou risk kansè; obezite se yon faktè risk pou divès kalite kansè. Men kèk konsèy pou diminye risk ou an:

  • Limite grès ki soti nan manje ki asosye avèk risk kansè, tankou vyann wouj ak vyann ki transfòme.
  • Santre repa ou yo sou legim, fwi, sereyal konplè, ak pwa, ki bay divès kalite grès ki bon pou sante a, nitriman, pwodui fitochimik ki bay pwoteksyon, ak fib alimantè.
  • Konsome manje ki fètak baz plant (tankou nwa ak zaboka) ki natirèlman gen anpil grès.
  • Rejim alimantè ki pa gen anpil grès yo pa pi bon pase rejim alimantè ki gen anpil kalori yo pou pèdi pwa oswa pou pran pwa (AICR).

Sa nou dwe kenbe

Pa gen prèv solid ki montre lè w gen yon rejim alimantè ki gen anpil grès li lakòz ou gen kansè oswa li anpeche w gen kansè. Lè w konsantre sou sa nitriman yo kapab pote yon fason global ak sou abitid alimantè ou yo, se pi bon fason pou diminye risk kansè ki gen rapò ak rejim alimantè.

American Institute for Cancer Research(AICR): High-fat diets and cancer (Enstiti Ameriken pou Rechèch sou Kansè (AICR): Rejim alimantè ki gen anpil grès ak kansè)
National Cancer Institute (NCI): Fat consumption (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Konsomasyon grès)
National Cancer Institute (NCI): Obesity and cancer (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI):Obezite ak kansè)
MD Anderson: Obesity and cancer (Doktè Anderson: Obezite ak kansè)
Centers for Disease Control and Prevention (CDC): Obesity and cancer (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): Obezite ak kansè)
World Cancer Research Fund – Diet, Nutrition, Physical Activity and Cancer: A Global Perspective (Fon Mondyal pou Rechèch sou Kansè – Rejim, Nitrisyon, Aktivite Fizik ak Kansè: Yon Pèspektiv Global)

Nou te pibliye l:

24 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022