Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Vyann wouj lakòz kansè

Sa ou ka tande

Moun ki konsome anpil vyann wouj ogmante risk pou yo devlope kansè.

Kisa lasyans di nou

Nan lane 2015 Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (IARC) te konkli vyann wouj yo fè pati Gwoup 2A nan pwodui ki kapab bay moun kansè, sa vle di li gen chans pou lakòz kansè lakay moun, dapre prèv ki montre yon ogmantasyon risk kansè nan kolon (IARC).

Prèv Epidemyolojik

Menm si rezilta yo varye, gen etid ki fèt atravè monn lan ki sijere lè moun manje vyann wouj souvan, sa vle di vyann ki pa transfòme ki soti nan mamifè (tankou, bèf, bèf ki piti, kochon, mouton, elatriye) gen rapò ak yon risk kansè ki elve, espesyalman kansè kolon (ACS). Gen etid ki pa fèt twò lontan ki sijere lè moun manje vyann wouj li ka ogmante risk pou kansè tete ak kansè pwostat, men gen plis rechèch ki bezwen fèt.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Etid ki fèt nan laboratwa ak etid ki fèt sou bèt yo jeneralman konsistan avèk etid epidemyolojik ki konkli kansè kolon an asosye avèk yon gwo konsomasyon vyann wouj (Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè).

Klasifikasyon Pwodui ki Lakòz Kansè dapre IARC: Gwoup 2A (Ki gen posibilite pou lakòz kansè lakay moun)

Fason pou diminye risk

Byen manje a gen ladan l aliman ki gen divès nitriman nou manje nan yon kantite ki ede moun jwenn (epi kenbe) yon pwa ki bon pou sante a. Pou redui risk ou ka genyen, limite oswa evite vyann wouj ak vyann ki transfòme, bwason ki sikre anpil, manje ki sibi anpil transfòmasyon, ak pwodui sereyal ki rafine. Kòm nou pa konnen kisa ki “nivo sekirite” pou manje vyann wouj, nan plas li chwazi pwoteyin tankou pwason, volay, ak pwa, lè sa posib.

Sa nou dwe kenbe

Lè yon moun manje vyann wouj souvan li gen yon lyen avèk kansè, li gen ladan l kansè kolorektal, kansè tete, ak kansè pwostat. Kòm prekosyon, limite oswa evite vyann wouj oswa vyann ki transfòme, nan plas li, chwazi pwoteyin tankou pwason, volay, ak pwa.

American Cancer Society (ACS): Diet guidelines (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Rekòmandasyon pou rejim alimantè)
Harvard Health: Red meat and colon cancer (Harvard Health: Vyann wouj ak kansè kolon)
Cleveland Clinic: Red meat (Cleveland Clinic: Vyann wouj)
Cancer Council: Red meat (Cancer Council: Vyann wouj)
International Agency for Research on Cancer (IARC): Red meat and processed meat (Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (International Agency for Research on Cancer(IARC)): Vyann wouj ak vyann transfòme)

Nou te pibliye l:

1ye jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022