Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè yon moun pa dòmi ase li ogmante risk pou gen kansè

Sa ou ka tande

Lè w gen yon sik somèy ki deranje li redui kapasite kò w genyen pou fonksyone nòmalman epi li diminye kapasite l pou li lite kont kansè (Shafi ak lòt.).

Kisa lasyans di nou

Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) fè konnen pètibasyon sikadyen an pou kont li se yon faktè risk pou kansè.

Nou defini “pètibasyon Sikadyen” kòm nenpòt chanjman ki gen nan fason ou konn dòmi, menm si se yon pèt somèt, difikilte pou dòmi pran w, oswa leve nan mitan sik somèy la. Nou jwenn revèy santral kò a nan sèvo a epi li jwenn pifò siyal apati limyè a. Prezans limyè a fè kò nou konnen li lè pou nou leve, rete kanpe, epi grangou. Kò a regle revèy li sou yon sik 24 èdtan (li baze sou kantite limyè li detekte) ak chak sistèm òganik ki suiv li. Rit sikadyen nou kontwole kilè nou leve, apeti nou, tanperati kò nou, ak imè nou.

Prèv Epidemyolojik

Moun ki viv dekalaj orè, ki ap vwayaje sou plizyè fizo orè, ki ap travay ni maten ak aswè, ki gen pètibasyon nan somèy yo, oswa ki ekspoze ak limyè pandan lannuit ka gen yon risk pi elve pou gen kansè pwostat, kansè tete, kansè kolon, kansè fwa, kansè pankreyas, kansè nan ovè ak kansè nan poumon (Shafi ak lòt.). Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (IARC), ki klase faktè risk pou kansè sou yon echèl ki soti nan pwodui ki lakòz kansè (kanserijèn) pou rive nan pwodui ki pa lakòz moun gen kansè fè konnen travay nan nuit poukont li gen chans pou li lakòz moun gen kansè (IARC).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Yo te itilize kèk modèl bèt nan eksperyans ki fèt nan laboratwa pou egzamine relasyon ki genyen ant mank dòmi ak nivo kansè. Rezilta yo te apiye konklizyon ki te jwenn nan etid lakay moun yo tou: lè w manke dòmi li gen yon efè konplèks sou biyoloji kansè a (Yaacoby-Bianu Hakim).

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase

Fason pou diminye risk

Pètibasyon somèy ak lòt faktè risk souvan parèt ansanm, tankou faktè estrès ki nan espas travay oswa nan lavi sosyal, nan fimen, nan konsomasyon alkòl ki elve, nan yon move rejim alimantè, yon aktivite fizik ki fèb, ak obezite. Lè nou redui faktè estrès ak konpòtman sa yo li ka diminye chans pou nou devlope kansè.

Sant pou Kontwòl Maladi (CDC) rekòmande pou nou fè suivi medikal yon fason ki regilye epi pou nou di doktè nou si nou gen nenpòt nan sentòm sa yo: gwo fatig oswa ou gen dòmi lè ou bezwen leve, difikilte pou dòmi oswa pwoblèm nan lestomak, iritabilite, move pèfòmans nan travay (ou fè erè souvan, ou blese, elatriye), oswa ou pran pwa oswa pèdi pwa yon fason ou pa konprann (CDC). Anplis, eseye gen yon konpòtman ki bon pou sante w pou konbat efè ki gen nan pètibasyon rit sikadyen an: dòmi pandan yon tan ki sifizan, gen yon rejim alimantè ki bon pou sante w, fè egzèsis yon fason ki regilye, evite tabak, epi limite kantite alkòl ou ap bwè (CDC).

Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay (NIOSH) gen divès kalite resous espesifik ki pou ede konpayi yo ak moun ki ap travay yo fè fas ak egzijans travay kote travay ni nan nuit ni lajounen ak lè yo travay pandan anpil tan (NIOSH).

Sa nou dwe kenbe

Pètibasyon sikadyen an pi elve lakay moun ki viv dekalaj orè, ki ap vwayaje sou plizyè fizo orè, ki ap travay ni maten ak aswè, ki gen pètibasyon nan somèy yo, oswa ki ekspoze ak limyè pandan lannuit. Moun sa yo ka gen yon risk pi elve pou gen kansè pwostat, kansè tete, kansè kolon, kansè fwa, kansè pankreyas, kansè nan ovè ak kansè nan poumon (Shafi ak lòt.). Li enpòtan pou ou pale avèk yon pwofesyonèl swen sante si ou gen pètibasyon nan somèy epi ou ap chèche resous pou amelyore kalite somèy ou.

National Toxicology Program (NTP): Circadian disruption and cancer(Pwogram Toksikoloji Nasyonal (NTP): Pètibasyon sikadyen ak kansè)
International Agency for Research on Cancer (IARC): Shift work and cancer (Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè: Moun ki travay ni maten ni lannuit ak kansè)
Shafi et al.: Cancer and the Circadian Clock (Shafi ak lòt.: Kansè ak Revèy Sikadyen)
Dana-Farber: Circadian rhythms and cancer (Dana-Farber: Rit sikadyen ak kansè)
CDC and National Institute for Occupational Safety and Health (NIOSH): Work and fatigue (Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay (NIOSH): Travay ak fatig)
Centers for Disease Control and Prevention (CDC): Night shift workers and cancer (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): Moun ki travay ni lannuit ni lajounen ak kansè)
American Cancer Society (ACS): Sleep problems (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Pwoblèm pou dòmi)

Nou te pibliye l:

7 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022