Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Akrilamid (se yon engredyan ki genyen nan kèk manje) ki ogmante risk pou kansè

Sa ou ka tande

Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (International Agency for Research on Cancer, IARC) klase akrilamid la tankou yon pwodui ki gen posibilite pou bay moun kansè epi Ajans pou Pwoteksyon Anviwònman nan Etazini (Environmental Protection Agency, EPA) klase akrilamid la pami pwodui ki gen posibilite pou bay moun kansè (NCI).

Kisa lasyans di nou

Akrilamid la se yon pwodui chimik yo itilize nan pwosesis endistriyèl, tankou nan pwodiksyon papye, tenti, ak plastik, epi nan pwodui konsomasyon, tankou nan sachè pou mete manje ak adezif yo. Epitou, nou jwenn akrilamid la nan kèk manje tankou pòmdetè fri, pòmdetèki ki fri sèk (chips), biswit, pen, bonbon, ak oliv nwa. Lafimen sigarèt se yon gwo sous ekspozisyon ak akrilamid. Moun ki fimen yo gen nivo ekspozisyon ak akrilamid la ki 3 jiska 5 fwa pi elve nan san yo pase moun ki pa fimen yo (NCI).

Prèv Epidemyolojik

Deklarasyon ki fè konnen gen posibilite pou akrilamid la lakòz kansè lakay moun baze anpil sou etid ki fèt sou bèt yo, epi gen plis rechèch ki bezwen fèt pou nou kapab di yon fason definitif akrilamid la gen rapò ak ogmantasyon risk kansè lakay moun.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Lè yon moun ekspoze avèk yon gwo nivo akrilamid li kapab deranje reparasyon ADN la. Lyezon ki gen nan gwoup silfidril la kapab dezaktive pwoteyin ki enplike nan reparasyon ADN la, sa ki kapab lakòz gen mitasyon ki rive. Nou bezwen evalye pi plis prèv laboratwa ki montre akrilamid la se yon ajan ki lakòz kansè (Exon). Gen kèk etid ki fèt sou bèt ki montre lè bèt yo ekspoze ak yon gwo nivo akrilamid li kapab lakòz kansè (FDA).

Klasifikasyon Pwodui ki Lakòz Kansè dapre IARC: Gwoup 2A (Ki gen posibilite pou lakòz kansè lakay moun)

Fason pou diminye risk

Pou pifò moun, pi gwo sous akrilamid yo rankontre se lafimen sigarèt. Lè w evite lafimen sigarèt li kapab diminiye ekspozisyon w ak akrilamid la ak lòt pwodui chimik ki pa bon pou sante a.NCI). Kantite akrilamid ki gen nan manje yo varye anpil selon tan li fè ap kuit la, moun ki fè l la, metòd yo itilize pou fè l, ak tanperati ki nan pwosesis pou kuit li a. Diminye nan tan li pran pou li kuit la, evite kuit pòmdetè a sèk oswa evite fè l pran koulè anvan w fri l, pa konsève pòmdetè a nan yon frijidè, epi evite seche yo aprè (seche pòmdetè yo nan yon fou ki bay lè cho aprè ou fin fri yo) ka diminye nivo akrilamid la nan kèk manje (FDA).

  • Nou toujou pa konnen si nivo akrilamid ki gen nan manje yo ogmante risk pou kansè, men gen kèk prekosyon ou kapab pran pou diminye ekspozisyon w ak akrilamid (ACS):
  • Limite manje ki ka gen yon gwo kantite akrilamid: pòmdetè fri, pòmdetè ki fri sèk (chips), bonbon, ak pen griye
  • Limite manje ki fri ak manje ou bay koulè (Lè w bouyi oswa kuit manje a ak vapè li pa pwodui akrilamid)
  • Mete mòso pòmdetè kri yo tranpe nan dlo pandan 15 jiska 30 minit anvan w fri oswa anvan ou ba yo koulè
  • Kuit pòmdetè yo ak pen an nan yon koulè ki pi klè
  • Evite konsève pòmdetè yo nan frijidè

Sa nou dwe sonje

Nou bezwen fè plis rechèch pou konfime si akrilamid la lakòz kansè lakay moun.

Food and Drug Administration (FDA): Acrylamide (Administrasyon Manje ak Medikaman: Akrilamid)
American Cancer Society (ACS): Acrylamide and cancer risk (Sosyete Ameriken pou Kansè: Akrilamid ak risk kansè)
National Cancer Institute (NCI): Acrylamide and cancer (Enstiti Nasyonal pou Kansè: Akrilamid ak kansè)
A review of the toxicology of Acrylamide (Exon) (Yon egzamen toksikoloji sou Akrilamid (Exon))

Nou te pibliye l nan dat:

7 jiyè 2021
Nou verifye epi/oswa fè mizajou ladan l nan dat 22 out 2022