Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Engredyan espesifik ki gen nan chips ki pike yo kapab lakòz kansè

Sa ou ka tande

Nan lane 2013 istwa yon tifi ki gen 10 lane epi ki gen gwo pwoblèm lestomak te nan premye paj jounal apre doktè li a te fè konnen se yon chips ki pike ki lakòz maladi li a. Doktè a te di pwodui chimik agresif ki gen nan chips sa yo lakòz yon deteryorasyon gòj ak lestomak li, sa ki lakòz li gen yon ilsè lestomak epi li gen chans pou bay kansè nan gòj.

Kisa lasyans di nou

Dapre Gwoup ki ap Travay pou Anviwònman (Environmental Working Group, EWG), 3 engredyan ki bay plis enkyetid nan chips ki pike yo se Alira Wouj 40 (red 40 lake), ble briyan 1 (blue 1 lake), ak lak jòn 6 (yellow 6 lake).

Prèv Epidemyolojik

Etid yo te montre lak jòn 6 (yellow 6 lake), Alira Wouj 40 (red 40 lake), ak ble briyan 1 (blue 1 lake) pa gen efè ki kapab lakòz kansè lakay moun, epi FDA te verifye deklarasyon sa a (FDA). Pa gen etid ki evalye konsomasyon chips ki pike ak risk pou kansè.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen prèv laboratwa limite ki montre relasyon ki genyen an chips ki pike ak kansè.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase

Fason pou diminye risk

Yo itilize koloran atifisyèl yo pou atire moun nan yon manje ki pa gen anpil valè nitritif, pou rezon sa youn (1) nan fason ki pi fasil pou idantifye si yon pwodui pa gen ase nitriman se lè w gade koloran ki gen nan manje a.

Aktyèlman pa gen okenn prèv ki montre gen yon lyen ant chips yo ak detoryasyon gòj ak lestomak la, epi pou nou ale pi lwen, pa gen prèv ki montre engredyan ki gen nan chips sa yo gen yon lyen ak kansè. Sepandan, chips sa yo gen yon nivo grès satire ki elve (sa ki ogmante nivo kolestewòl nan san an)

ak kolestewòl LDL (sa ki ogmante risk pou gen maladi nan kè ak estwok) (AHA). Lè yon moun manje ki pa gen anpil nitriman epi ki gen twòp grès li kapab lakòz li gen obezite ak pwa ki anplis, sa ki pral ogmante risk pou gen maladi kè, estwok, dyabèt, ak kèk kansè

Sa nou dwe kenbe

Pa gen anpil chans pou konsomasyon chips ki pike ogmante risk kansè. Sepandan, chips sa yo gen anpil grèssatire, epi nou dwe manje yo avèk moderasyon pou evite risk pou gen maladi kè, estwòk, ak lòt maladi.

Food Drug Administration (FDA): Code of Federal Regulations Title 21 (Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA): Kòd pou Règleman Federal Tit 21)
Bunch et al.: Evaluating cytotoxicity of methyl benzoate in vitro (Bunch et al.: Evalyasyon sitosite metil benzowat in vitro)
Environmental Working Group (EWG): Cheetos (Gwoup ki ap Travay sou Anviwònman (EWG): Cheetos)
Environmental Working Group (EWG): Takis (Gwoup ki ap Travay sou Anviwònman (EWG): Takis)
American Heart Association (AHA): Saturated fat (Asosyasyon Ameriken pou Kè (AHA): Grès Satire)

Nou te pibliye l:

7 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022