Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Engredyan ki gen nan sòs tomat la (MSG ak siwo mayi ki gen anpil friktoz) lakòz moun gen kansè

Sa ou ka tande

Sòs tomat yo gen siwo mayi ki gen yon gwo kantite friktoz, epi MSG a ba li savè epi li fè l sikre.

Kisa lasyans di nou

Gen plizyè etid ki montre siwo mayi a ki gen yon gwo kantite friktoz pa bon pou sante a, li ogmante risk pou pran pwa, l bay dyabèb tip 2, li bay sendwom metabolik, epi li ogmante nivo trigliserid la.

Prèv Epidemyolojik

Lè yon moun konsome siwo mayi ki gen yon gwo kantite friktoz li gen yon lyen ak obezite epi li ogmante risk pou gen kansè kolon tou (Goncalves ak lòt.).

Menm si yo pa montre MSG a ogmante risk pou kansè, gen etid ki montre rapò ki genyen lè yon moun konsome MSG ak obezite, twoub nan sistèm nève santral, domaj nan fwa, ak move fonksyònman repwodiktif (Niaz ak lòt.).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen youn (1) nan etid sa yo ki te etidye efè konsomasyon siwo mayi ki gen anpil friktoz la genyen sou yon sourit. Chèchè yo te remake li te pran pwa epi li te gen yon timè, sa ki vle di friktoz la ka afekte devlopman timè a. (NCI).

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase

Fason pou diminye risk

Evite pwodui ki gen siwo mayi ki gen anpil friktoz ak MSG, li gen ladan l sòs tomat. Manje sòs tomat yon fason ki modere pou diminye risk sou sante w.

Sa nou dwe kenbe

Lè w manje sòs tomat la konsa li pa sanble lakòz kansè. Sepandan, lè yon moun konsome siwo mayi ki gen yon gwo kantite friktoz, li gen yon lyen ak obezite epi li ogmante risk pou gen kansè kolon. Menm si pa gen lyen dirèk ant risk kansè ak MSG, gen lòt efè ki danjere pou sante a nou dwe konsidere lè nou ap konsome sòs tomat.

Mayo Clinic: High-fructose corn syrup and health concerns (Mayo Clinic: Siwo Mayi ki gen anpil friktoz ak pwoblèm sante)
Niaz et al.: Extensive use of monosodium glutamate: A threat to public health? (Niaz et al.: Gwo itilizasyon glitamat monozodik: Èske li se yon menas pou sante piblik?)
Mayo Clinic: Is MSG harmful? (Mayo Clinic: Èske MSG a danjere?)
Goncalves et al.: High-fructose corn syrup enhances intestinal tumor growth in mice (Goncalves et al.: Konsomasyon siwo mayo ki gen anpil friktoz ogmante timè entesten lakay sourit yo)

Nou te pibliye l:

7 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022