Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè yon moun gen yon konpòtman kote li pa bouje anpil li ogmante risk pou kansè

Sa ou ka tande

Lè yon moun gen yon nivo aktivite fizik ki ba li genyen lyen ak ogmantasyon risk pou gen plizyè kalite kansè (NCI).

Kisa lasyans di nou

Nou pa konnen anpil bagay konsènan relasyon ki genyen ant konpòtman kote moun pa bouje anpil (moun lan pase anpil tan chita oswa kouche) ak risk pou kansè, men rechèch ki fèt sa pa gen twò lontan sijere konpòtman kote moun pa bouje anpil se yon faktè risk endepandan pou risk kansè ak lanmò.

Prèv Epidemyolojik

Nan yon egzamen ki te fèt sou 18 etid epidemyolojik sou konpòtman kote moun pa bouje anpil ak risk pou kansè yo te jwenn gen estatistik enpòtan ki montre relasyon ki genyen ant konpòtman kote moun pa bouje anpil ak rezilta kansè (Lynch et al). Moun ki pase plis tan chita oswa plis tan panche gen yon risk ki pi elve pou gen kansè kolorektal, kansè nan andomèt, kansè nan ovè, ak kansè pwostat. Anplis, lè yon moun gen yon konpòtman kote li pa bouje anpil li asosye ak yon risk lanmò akoz kansè lakay fi yo. Rezilta sa te konfime nan lane 2020 lè te gen yon gwoup ki gen 8,002 adilt nwa ak blan: konpòtman kote moun pa bouje anpil se yon faktè risk endepandan pou risk kansè ak lanmò.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Prèv ki soti nan Laboratwa te itilize modèl bèt pou egzaminen relasyon ki genyen ant fè egzèsis ak devlopman kansè epi li konsantre l sou rediksyon risk pou kansè lè moun fè egzèsis, sa ki te montre li efikas. Gen plis rechèch ki ap fèt sou modèl bèt pou egzaminen lè moun pa bouje anpil oswa lè yon moun pa fè anpil aktivite fizik ak devlopman kansè.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase

Fason pou diminye risk

Rekòmandasyon pou diminye nan pwa ou genyen, obezite ak plizyè kalite kansè gen ladan l: 150 jiska 300 aktivite kadovaskilè nan yon entansite ki modere chak semèn, 75 jiska 100 minit gwo aktivite kadovaskilè chak semèn, ak egzèsis pou ranfòse misk yo omwen de (2) jou nan semèn lan (CDC).

Sa nou dwe kenbe

Lè yon moun gen yon konpòtman kote li pa bouje anpil li ogmante risk pou kansè ak lanmò. Pou diminye risk pou gen kansè fè 30 minit egzèsis chak jou.

Lynch et al.: Sedentary behavior and cancer (Lynch et al.: Konpòtman kote ou pa bouje anpil ak kansè)
Gilcrist et al.: Sedentary behavior and cancer mortality (Lynch et al.: Konpòtman kote ou pa bouje anpil ak lanmò kansè lakòz)
Centers for Disease Control and Prevention (CDC): Sedentary behavior (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): Konpòtman kote ou pa bouje anpil )

Nou te pibliye l:

2 novanm 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022